dimanche 12 juillet 2020

Dizyèm obstak ki ka fè w pa ka sèvi Bondye byen



|PIBLIKASYON/EVANJELIK 

Dizyèm obstak
W AP PRATIKE PECHE SEKSYÈL YO
___________________________
📚 Èske w li premye nimewo a deja? Klike sou tit la pou w telechaje l REFLEKSYON BIBLIK SOU LAVI KRETYEN AN

___________________________
📧 Ekri JDE nan profesame@gmail.com 
📞 (509) 3639-6642
Like Facebook Page: Jde-Haiti-Officiel
___________________________

Dènye obstak sa a se youn nan pi gran yo. 

Mwen raple m pastè Marcello Tunasi, nan youn nan mesaj li yo, te bay rezon ki fè peche seksyèl se peche ki pi difisil pou kite. Se paske chak lè w fin fè l, ou toujou anvi refè l. Se tankou li vin yon dwòg ou pa ka pa pran pou w viv. Se pa menm jan ak yon mal ou ka fè pa aksidan e ou evite l. 

Fònikasyon ak adiltè se de peche moun pa kite fasil e se yo ki kreye gwo obstak nan lavi anpil moun ki vle sèvi Bondye. Ou ka li liv sa a pou w jwenn mwayen pou w lite kont yo. Klike la pou w telechaje l gratis 👉KONSÈY POU EVITE FÒNIKASYON.

Peche sa yo mete nan lavi w dout, perèz, kè sote, neglijans pou lapriyè, distans kont tout sa ki twò esprityèl ak santiman kilpabilite. Se ou menm ki pou deside kite yo, sinon w ap rive nan yon moman y ap vin nòmal. E lè sa a, se nan ipokrizi ou pral sèvi Bondye. Konsyans ou p ap janm sispann di w lavi w pa pwòp.



Jérôme Dorsonne Emerson 
Ektrè REFLEKSYON BIBLIK SOU LAVI KRETYEN AN, #2
P27,28

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...