vendredi 26 octobre 2018

Pwoblèm nan pwosesis fiyansay la



Si gen kretyen ki renmen ki pa vle fiyanse, genyen ki vle men ki pa kapab. Yo rankontre anpil obstak, kòmanse nan paran, pase nan Legliz pou rive nan lasosyete. Men kèk pwoblèm yon moun ki vle fiyanse ka rankontre.

1. Pwoblèm pèsonèl

Premye pwoblèm nan pèsonèl. Se yon mank konfyans fas ak egzijans preparasyon maryaj la mande. Youn nan patnè yo konn santi yo pa gen matirite pou angaje yo devan paran oswa devan Legliz. Mank konfyans sa konn fè pa janm gen dyalòg sou avni renmen an. Tout renmen ki pa gen avni ka kraze nenpòt lè. Konsa tou, jèn gason an konn pa gen konfyans nan fi a, menm jan pou fi a. Yo tou de pè angaje yo pou yo pa regrèt demen.

2. Pwoblèm ekonomik

Ka gen volonte e nesesite pou fiyanse, san paran yo pa mete dezakò epi patnè yo pa gen lajan pou ni fiyanse ni prepare maryaj la nan yon lane. Pwoblèm ekonomik sa ka fè paran yo e responsab Legliz yo pa konseye oswa
ankouraje fiyansay la, yon manyè pou evite lòt pwoblèm nan fwaye paske pwoblèm ki egziste avan ka egziste e menm ogmante aprè.

Sepandan, gen koup ki konn deside fiyanse malgre tout sa ki ta anpeche yo. Selon dizon yo, fiyansay la oswa maryaj la fèt palafwa. Mwen pap di li pa bon men se pa yon desizyon tout moun ki renmen ka pran. Se pa paske w gen lafwa ki fè lavi a pap di. Lafwa se yon gan pou pare boul nan kan an men sa pa vle di yo pap choute sou ou. Agwo, pwblèm ekonomik yo ka bay de pwoblèm : paran yo pa wè avni relasyon an, fiyanse yo pa gen ase mwayen pou prepare maryaj la nan yon ti tan.

3. Pwoblèm paran

Gason an konn vle fiyanse, paran fi a pa dakò. Sa rive pou fi a tou, paran patnè li a pa dakò. Ka gen plizyè rezon ki eksplike sa: pwoblèm ekonomi, imatirite, kwayans relijye, pwoblèm pèsonèl oswa familyal. Poutan, de jèn paran yo e Legliz pat dakò fiyanse nan yon tan vin oblije marye nan yon lòt tan akoz gwosès. Ou ta di gen plis seryozite nan tann gwosès pou fè maryaj pase fiyanse jèn yo pou yo marye.

 Paran yo dwe kòmanse pale ak pitit yo avan
menm yo angaje yo nan renmen pou konsèy yo ka gen plis valè nan moman ki nesesè. Gen patnè ki pa teni kont de dezakò paran yo, yo fiyanse e rive marye. Kwaksa, li toujou bon pou paran yo fè pati moun kap deside fiyansay e maryaj la, sitou nan ka yon maryaj kretyen. Se yon benediksyon, sosyete a dakò e Legliz la apresye l.

4. Pwoblèm nan Legliz

Se pa tout Legliz ki gen tradisyon fiyanse jèn ki renmen. Yo plis mete dezakò nan renmen pase mete prensip pou renmen yo vin ofisyèl. Sa fè,
renmen vin plis fèt an kachèt, gen plis imoralite seksyèl e gen plis posiblite pou gen maryaj fòse pase fiyansay pou maryaj nòmal. Legliz la ta dwe premye kote pou renmen an jwenn ankadreman. Se pa lòt moun aprè pastè a e paran ki ta dwe antre an premye nan bay jèn yo konsèy sou renmen. Lè fiyansay la jwenn
blokis nan Legliz, li posib pou renmen an kraze oswa koup la kite pou kontinye nan yon lòt Legliz kap konprann e dakò pou yo fè sa yo vle.

5. Pwoblèm konviksyon kretyen

Pwoblèm konviksyon an pa egziste nan maryaj la, li te la depi nan renmen, li pase nan fiyansay epi l rive nan maryaj. Patnè yo pat gen tan pou
wè sa. Pafwa, yo pa chita sou kwayans moun yo renmen an, yo plis wè sou bote oswa enterè ki pa gen anyen awè ak vrè entansyon pou marye. Se sa ki fèli posib pou de kretyen ki soti nan Legliz diferan konnen anpil konfli nan kay.
E se pou rezon sa tou, anpil Legliz pa dakò fidèl yo marye ak lòt fidèl.

An reyalite, se pa pou pam pi bon men se pou evite konfli ki gen rasin yo nan doktrin, tradisyon e lidèchip kèk Legliz. Madanm nan konn bezwen al nan vèydenwi, nan jèn, mari a pa dakò jis paske l pa fè pastè a konfyans osinon li pa kwè nan sa madanm nan kwè a. Gen kèk madanm ki plis renmen aktivite
Legliz paske pran swen mari l e gen mari ki plis okipe Legliz la pase fanmi l.

Reyalite sa yo ap detwi fanmi kretyen yo tankou rat kap manje pay nan sak. Men, li posib pou nouvo koup fiyanse yo evite sa nan bon jan dyalòg ak refleksyon avan yo angaje yo.

"Enpòtans fiyansay nan renmen"
Jérôme Dorsonne Emerson

Byento disponib

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...