samedi 27 juin 2020

Senk (5) rezon ki fè tèt ansanm pa bay rezilta

|LIDÈCHIP 

Plis n ap aji san reflechi se plis aksyon nou yo p ap pote fwi. N ap swe, bouke, bay tout enèji pou anyen. Poutan, nou gen ase fòs pou n goumen, nou gen volonte men eksperyans montre nou manke anpil bagay pou n pote laviktwa menm lè nou met tèt ansanm.

M ap pataje 5 nan tèks sa a pou ou menm k ap li ka wè lòt yo.

1. Nou youn pa fè lòt konfyans

Konfyans se baz tout inyon k ap pote fwi. Se sa k fè m santi m ansekirite lè m met ansanm ak ou pou n travay. Malerezman, malgre nou ansanm, nou youn ap doute sou entansyon lòt, nou pè pou yo pa twonpe nou. Dout sa a ka soti nan jijman nou fè de pase alye nou yo, swa paske yo te echwe. Yon echèk pa defini defèt total. Okontrè, se sa ki bay eksperyans. Pou n rive ansanm, fòk nou ka padone sa ki te pase yo, sinon rankin ka kraze plan nou genyen an. Si gen dout, nou dwe chita pou n regle tout sa ki ka kreye dout. Sinon, tèt ansanm nou se yon lòt fòm divizyon.

2. Nou pa met tèt ansanm nan solidarite

Si n ap batay ansanm, nou youn dwe ede lòt. Pa ka gen vrè inite si m ap soufri pandan w ap rejwi. Vant ou plen, m grangou. Ou chaje privilèj, mwen m ap mande. Si se konsa, tèt ansanm nou an p ap dire ni pote fwi paske gen inegalite antre nou. M p ap pa ka kenbe paske m pa fòs ou genyen. Nou gen dwa pa gen menm resous men pandan tèt ansanm nou an, fòk nou youn sipòte lòt.

3. Nou pa met tèt ansanm nan renmen

Trè souvan, nou youn pa renmen lòt. Sa te fè n pa t janm dyaloge. Men, pou w atenn yon objektif, ou vle mete avèk enmi w. Otomatikman, nou nan ipokrizi paske se pa kè nou ki ini vre. Okontrè, si nou te renmen alye nou yo, konba n ap fè yo te gendwa pa t posib. Nou t ap defann yo, yo pa t ap vyole dwa yo jis pou n ta bezwen goumen pou fè respekte l. Si nou te konn panse e aji pou n manje ansanm, nou pa t ap bezwen goumen pou grangou. Renmen t ap gentan rezoud pwoblèm sa.


4. Nou pa met tèt ansanm pou nou youn pwoteje lòt

Se pa lè nou andanje pou n wè nesesite met tèt ansanm. Nou youn te dwe sekirite pou lòt avan. E malgre sa pa t konsa, si n deside ini nou, li dwe posib. Ou gen parapli pou  w evite mouye nan lapli, li pa genyen. Lè li andanje, ou pa pote l sekou. Ou gen mwayen pou w jwenn swen sante, li pa genyen. Tèt ansanm nou pa ka pote fwi.


5. Nou tout bezwen dirije

Depi gen omwen twa moun ki met tèt ansanm, fòk gen yon lidè. Depi gen yon lidè, fòk li gen moun pou l dirije. Nou tout pa ka lidè prensipal men nou chak gen yon pwen fò k ap itil nan lit la. Esansyèl la se atenn objektif la. Si nou met tèt ansanm pou n ka dirije, se pa chanjman nou vle tout bon paske se divizyon ki lakoz lidè yo pa ka bay rezilta. Yon sistèm pa yon wobo. Se yon seri eleman ki la pou n itilize pou bay rezilta. Rezilta a se prèv nou byen oswa mal itilize l.

Tèt ansanm se yon nesesite pou tout batay k ap fèt pou kolektif la, men si nou youn pa fè lòt konfyans, nou pa solidè, nou youn pa renmen lòt, nou youn p ap pwoteje lòt e nou tout bezwen dirije, nou p ap janm pote yon viktwa ki dire e benfik pou nou tout.

JDE


Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...