samedi 27 juin 2020

Annou fè listwa!


Ou abiye jan w vle. Ou kale kò w, ou met rad ou vle e w fè sa w vle ak cheve w, gason ou fanm. 

Poukisa w rele kretyen a  tèt mare paske l chwazi kenbe kò l ak menm libète w genyen an?

Mwen pou yon sosyete kote rasta pa dwe gen pwoblèm nan je yon tèt kale. Chak moun gen dwa pou yo itilize kò yo jan yo vle. Nòmalman, m t ap toujou swete w fè l menm jan ak mwen. Men sa dwe rete nan yon swè, li pa dwe yon obligasyon ni m pa dwe jije w sou sa. 

Pou n konstwi yon sosyete kote dwa tout moun respekte, li enpòtan pou n divòse ak tout eskiz e rapèl k ap fè n regrese. 

M pa gen pwoblèm ak ou si w pa vle aksepte Jezi men pinga w wè m mal paske m ap sèvi l. Se kòmsi w pa vle m di w konvèti epi ou menm w ap rale m vin jwenn ou. Tankou, se pa w la ki pi bon. Se menm bagay la ki fèt lè nou youn ap choute sou lòt. 

Preche levanjil ta dwe senp. M gen anpil zanmi m konn pataje moso Labib ak yo san li pa aksepte Kris epi nou fini, nou kontinye zanmi. Gen twòp faktè ki lye nou nan yon kominote pou n kite yon sèl ap detwi nou: relijyon. 

Si n ap swiv mwen byen, m sipòte tout sa m kapab, san bezwen konnen si moun sa a se kretyen, vodouyizan, renmen, plase, marye, divòse. Chwa pou m ede kominote m pa chita sou kwayans yon moun, li chita sou entansyon pou m fè byen. Toutfwa, si byen sa a m ap fè a ka fè m pèdi moral kretyen mwen, m ap kite l.

M p ap kondane w pou fimen, alkòl, vodou, elt, men nan oken ka ou pa ka ankouraje m ni fòse m fè l. Lè m gade w, m pa wè fimè a, alkolik la ni sèvitè lwa a. Dabò, m wè yon kreyati Bondye tankou m, yon pechè tankou m, yon ayisyen tankou m ki ka vin sa l vle ye demen. Dayè...

M leve nan fanmi vodou. Grangranigrann mwen te manbo. M raple m se jis nan laj 19 lane yo konsa m te deside m pa pral kay bòkò ankò. M gen souvni plizyè fwa manman m konn al wè houngan ak mwen pou maladi. M pa ka konte konbyen fwa m manje kay Djeve, Wilbè, Fènan e kay Grann mwen nan manje lakou, latounen, gerizon anba peristil. Fòk mwen ta ekri yon liv pou m esplike istwa m nan koze vodou depi lè m piti rive 18-19 lane. Sa vle di m konnen anpil koze. 

Jounen jodi a, jèn ki fèt an lan 2000 yo pa konn anyen nan sa ki te konn pase Lyankou lè bòkò yo ap fete, chanpwèl. Nan Monkamèl, Djeve p ap pa voye plizyè gode degouden, dis kòb anlè pou timoun ramase. Koulye a, nou jèn jan, nou demwazèl, nou gen telefòn, nou eklere. Lontan, la a, nan Lyankou,...m p ap pale. 

Se pou m di w orijin nou pa diferan. Se la a nou tout soti depi w se vrè pitit Lyankou. Kidonk, levanjil pa ka divize nou sou plan sosyal, ekonomik ak edikatif. E li pa ta dwe posib menm sou plan politik. Se istwa nou nou pa konnen ki fè nou ka kite politik vin antre nan mitan nou e fè n dozado. M pa t leve jwenn kilti sa isit la. 

Lontan, te gen plizyè lakou: Mapou, Desten, Djeyis, Chalestan, Fènan, elt. Nou te toujou rankontre nan foutbòl, jwèt mab, domino, bann rara, pike diri. Pi gwo abiman nou se te chòt oswa eslip pou gason, kilòt pou timoun e wòb pou demwazèl. Konsa tou, si w se gason, ou ka gen yon mayo anwo do w. Se nan pita nèt ou te konn met sandal. M a gentan vin ak lòt koze.

Pou koulye a, m ta renmen tout jèn k ap grandi yo aprann listwa Lyankou anba bouch granmoun pou n pa kite relijyon ak politik divize nou. Annou toujou wè enterè Lyankou avan tout bagay. Sinon, se nou ankò k ap detwi l. 

Randevou a kase soti 12 pou rive 16 jiyè 2020, live sou Facebook, pou m pote yon bouyon enfòmasyon pou ou sou Lyankou nan tèt kole ak plizyè lòt pitit kay la ki te la. 

Si nou vle develope lakay nou, ann pa fè biznis, mizik, etidye, politik, bati kay ak legliz sèlman. Annou fè listwa. 

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...