mercredi 3 juin 2020

Yo wè w byen pwòp

Yo wè w byen pwòp. Dayè, gen bagay yo konnen de ou, an byen ou mal, yo p ap janm di w li. Men y ap tann yon jou kou w eklate pou yo di yo te kwè nan ou. Men si sa rive w desann pi ba, y ap di w yo te gentan konnen w pa ta pral pi lwen.

Pa kite se bravo k ap motive w nan sa w ap fè a. Yon sèl grenn moun k ap sipòte w ka sifi pase 1 milyon paske nan move moman yo, se li k ap la pou l ede w jan li kapab e soutyen li toujou satisfè paske l fè l ak tout kè l. Wi, manje de twa mango ak bon patnè w ka bay plis lajwa pase manje 3 pòm ak yon moun k ap pwofite siksè w.

M di w yo wè w, yo konnen w men gen yon nivo pou w rive avan yo admèt sa w ye a e ba w sa w merite a. Jou sa, raple w m di w sa, se p ap chans, kado ni rezilta tisousou. Se va rezilta travay ou, pasyon w, detèminasyon w, pèseverans ou, konfyans ou, vizyon w. Kenbe tèt ou wo. Se p ap ògèy non, okontrè, se jou sa Bondye fikse pou l leve w pi wo pase otè w pa t janm imajine.

Lè konsa, yo va di w ap pran pòz ou, w ap fè estil, ou bliye kote w soti, ou bliye sa yo te fè pou ou. Yo va di w tout pawòl ki pou rabese w, denigre w, devalorize tout privilèj w ap jwi. Men se yo k ap bliye se pa t pou mouri yo t ap wouze pye bwa. Se te pou l grandi. Yo p ap konprann tout pousad yo t ap ba w yo se te pou fè w monte mach yo.

Sonje! Raple w! Ekri sa! Kenbe sa! Yo wè w byen pwòp. Yo konnen w. Yo konn kapasite w e yo kwè nan ou, se jou a ki poko rive ki fè w panse yo bliye w.

Ret nan liy lan. Kenbe plan an. Pa lage. Ret pozitif. Menmsi w anvi kite sa, pran kouraj. Si w te bay vag, retounen. Pa dekouraje si malgre w ap plante pye bwa depi lontan epi se ebenis ak machann fwi k ap fè kòb sèlman. Pye bwa w yo rale lapli pou peyizan ak lanati, yon jou w ap sezi wè kòman y ap rekonpanse w.

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...