jeudi 2 juillet 2020

Poukisa w chache konnen?


Tout moun bezwen konnen menm moun ki konnen l pa konn anyen, alewè pou moun ki gentan konnen enpòtans konesans. 

Gen yon pwovèb chinwa ki di: " Moun ki konnen li pa konnen, edike l. Moun ki konnen li konnen, tande l. Moun ki pa konnen li konnen, reveye l. Moun ki pa konnen li pa konnen, kouri pou li". Nan ki kategori ou ye ak konesans ou? 

Gen plizyè mwayen ou ka konnen, pami yo, lekti, lekòl, eksperyans, tande ak reflechi. Pakonsekan, tout moun konnen e ka konnen, menm yon avèg oswa yon bèbè. Anreyalite, pa gen inyoran total menm jan pa gen pèsonn ki konnen tout bagay.

Men poukisa w ap chache konnen si w konnen deja? 

Gen plizyè rezon ki ka montre sa. 

1. Konesans bay limyè 

Fè nwa senbolize inyorans. Li fè w pa ka wè kote w ye, ki moun ki la, ki kote pou w fè e ki koulè ak karaktè sa ki nan anviwonman an. Konesans se opoze yo tout paske l klere lespri w e li met tout bagay aklè devan je w.

2. Konesans itil 

Konesans itil paske l ba w anpil avantaj yon inyoran pa ka jwi. Li fè w konprann sa w t ap oblije peye pou w aprann e li fè w pase de elèv a pwofesè,  de anplwaye ak anplwayè, de anyen a kichòy. 

3. Konesans se pouvwa 

Depi w gen yon enfòmasyon, ou gen yon pouvwa. Ou konnen kisa pou w fè pou w jwenn sa w bezwen. San zam, ou ka fè moun pè. Popilarite w antanke konesè fè w vin enfliyan. 

4. Konesans bay libète 

Tout esklavaj la se rezilta inyorans. Pèsonn pa dwe rann ou esklav men si w pa konnen gen libète, ou p ap janm batay pou w vin lib. Depi w pa konnen, yo ka di w e fè w fè nenpòt mal men nèg ak fanm konesans pa kite yo mennen yo tankou bèf.

5. Konesans pot chanjman 

Se pwoblèm ki fè gen soufrans, enjistis, lamizè, kriminalite, pou n site sa yo sèlman. Ebyen, depi w gen konesans, ou ka kontribye nan chanjman.  

Èske gen yon lòt rezon ki fè w ap chache gen konesans? Si youn omwen nan lis la, èske li se verite? 

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...