mardi 19 avril 2016

Poukisa Pòl pa bay fanm yo dwa pou yo anseye ?

Meditasyon pou jodi a, No 172
Dimanch 17 avril 2016

Poukisa Pòl pa bay fanm yo dwa pou yo anseye ?

Lis sijè ki kreye konfli yo anpil, men annsite sèlman sis: dim, sove sove nèt, sent sèn nan yon koup oubyen nan plizyè tivè, asèmantasyon pastè yo devan otorite leta, remaryaj ak entèdiksyon pou fanm yo montre kichòy. Jodi a, san m pa vle relanse yon deba sou fanm yo nan ministè, mwen ta renmen reponn dirèkteman ak kesyon sa a ki deranje moun e ki lakoz gwo diskisyon.

Poukisa Pòl pa bay dwa pou fanm yo montre moun anyen?

Verite a blese, e li blese menm moun k’ap preche l la. Se nòmal pwiske lòm pa Bondye, li pa san peche. Epi ankò, li pa konn tout bagay. Sepandan,  li dwe di ak fè sa li konnen. Sou koze sa a, nou li sa a nan Bib la : « Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe an kè l pou li menm. Men, bagay li fè nou konnen yo, se bagay nou menm ak pitit nou yo pa dwe janm bliye pou nou ka fè tou sa li mande nou fè nan lalwa a. » (Detewonòm 29.29). Se pa paske nou pa konnen tout bagay ki fè nou dwe kache revelasyon Bondye yo, nou dwe montre yo epi pratike yo. Men kat rezon ki fè apot Pòl te entèdi fanm yo nan ministè lapawòl. Tout rezon sa yo ekri nan Bib la nan 1 Korent 14.33-34 ; 1 Timote 2.11-14. Fòk nou wè tou ke Pòl pa di ke se konsèy li, menm jan li te di sa nan 1 Korent 7.12 la.

1. Se yon prensip inivèsèl

Gen moun k’ap kòmante ki di ke entèdiksyon sa a te bay pou legliz Korent la menm. Se pa vre. Dabò, men sa ki ekri : « Tankou sa fèt nan tout legliz pèp Bondye a », se pa nan youn oubyen nan legliz ki te Korent yo. Epi, mo grèk « laleo » ki tradwi « pale » a nan lang kreyòl la pat janm gen sans « pale anpil ». Se menm mo sa a ki itilize nan Ebre 1.1 nan vèsyon grèk la (William MacDonald)

2. Se sa lalwa Bondye a vle

Entèdiksyon pou fanm nan ministè lapawòl te egziste avan legliz la te fonde : « Jan nou jwenn sa ekri nan lalwa Bondye a : se pou yo soumèt yo » (1 Korent 14.34). Nou ka pran referans sa yo Jenès 3.16 ; Efezyen 5.22 ; Kolosyen 3.18 ; Tit 2.11-12.

3. Se Adan Bondye te kreye avan

Pou jistifye entèdiksyon li an, Pòl retounen nan lakreyasyon. Se pa paske Bondye jije gason an siperyè pase fanm nan ki fè l di gason an se chèf fanm nan, men se paske se li Bondye te kreye avan. Eske se pa prensip sa a ki detèmine premye timoun nan fanmi an, kit li se gason oubyen fi? Eske premye pitit la siperyè ak dezyèm nan ? Non. Si se fi a ki fèt anvan, èske se pa li k’ap pi gran nan fanmi an ? Wi. Men sa ki rezoud pwoblèm fanm pa dwe pran otorite sou gason an.

4. Se fanm nan ke Satan te twonpe anvan

Nan montre moun kichòy nan asanble a, fanm nan vin mètrès tout manb ki fè pati asanble a. Pòl retounen nan pozisyon fanm nan nan jaden Edenn lan lè koulèv la ta’p pale ak li a. Sediksyon an te lakoz mari li sedwi tou. Daprè kontèks la, Adan pat konnen lè konvèsasyon an tap fèt la. « Li pote bay mari li » montre ke mari li pat kote l la.

Malgre tout rezon sa yo ki bay (sa ki nimewote yo), se pa mwen, men se apot Pòl, anpil lòt kesyon ap poze e anpil sèvant Bondye pa dakò avèk entèdiksyon sa. Eske se pa yon konfizyon pwiske gason yo ak fanm yo, yo tout te resevwa Sentespri a e yo fè yon sèl nan Kris ? (Galat 3.28). Eske Bib la pa kontradiktwa? Eske Bondye fè enjistis ak fanm yo ? Devan tout kesyon sa yo, nou pa dwe ap goumen ant nou menm paske nou youn pa responsab de entèdiksyon sa a.

M’ap fini pou m di ke nou dwe medite sou deklarasyon sa a ke menm apot la fè : « Se poutèt sa, moun ki pa asepte pawòl sa a, se pa pawòl lèzòm li pa koute, se pawòl Bondye ki ban nou Sentespri l la menm li pa koute » (1 Tesalonisyen 4.8).

Se pou w byen medite

Jérôme Dorsonne Emerson
Pou kesyon, renmen paj Jerome Dorsonne Emerson nan sou Facebook par ce lien :https://m.facebook.com

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...