jeudi 21 avril 2016

Jij la wè tande

Meditasyon pou jodi a, No 175
Mèkredi 20 avril 2016
Jij la wè tande
Ou menm k’ap dezobeyi kòmandman Bondye yo epi k’ap di « Pèsonn pa wè m ». Konnen ke Bondye, jij la, wè tout bagay. Men vèsè sa yo, li yo ou menm pou w ka konnen plis.
2 Kwonik 16.9 : « Senyè a ap veye tou sa k’ap pase sou latè. Li pa kite anyen chape pou l ka bay moun ki mete tout konfyans yo nan li fòs ak kouray. Men fwa sa a, ou resi pèdi tèt ou. Ou aji tankou moun fou. Se poutèt sa moun pral fè ou lagè san rete »
2 Samyèl 12.12 : « Ou menm, ou te fè zafè ou la an kachèt. Mwen menm, m’ap fè sa rive devan tout moun pou tout pèp Izrayèl la ka wè sa »
Jòb 34.21 : « L’ap veye tout vire tounen lèzòm. L’ap gade tout kote y’ap mete pye yo. »
Sòm 139.12: « Fè nwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fè nwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou »
Pwovèb 15.3 : « Je Senyè a toupatou, l’ap veye tout moun, bon kou mechan »
1 Pyè 3.12 : « Paske, Bondye veye sou moun k’ap mache dwat devan li. Li tande yo lè y’ap lapriyè nan pye l. Men, l’ap vire do bay moun k’ap fè mal yo. »
Ebre 4.13 : « Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l, san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè »
Konfese peche w yo (1 Jan 1.8-9), remèsye moun k’ap veye sou ou (Ebre 10.24), epi k’ap korije w (2 Timote 3.16) paske jijman Bondye a pi sevè pase jijman lòm.
Pase bòn jounen !
Jérôme Dorsonne Emerson
SOLI DEI GLORIA

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...