jeudi 21 avril 2016

Ann sispann divize tèt nou !

Meditasyon pou jounen an, No 176
Jedi 21 avril 2016
Ann sispann divize tèt nou !

Nou tout se pannkotis, paske Sentespri a te desann nan jou Pannkot la (Travay 2)
Nou tout se batis, paske nou tout te batize nan non Jezikri (Women 6.3)
Nou tout se Dedye, paske Legliz la se pou Bondye, se pa pou ni Satan ni pèsonn (1 Korent 1.2)
Nou tout se Lapwofesi, paske se nou se kay Bondye bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo te poze a (Efezyen 2.20).
Nou tout se nazareyen paske pwofèt yo anonse ke Jezi ta pral rele « moun Nazarèt la ».
Nou tout se KòdeKris, paske tout kretyen se manb yon sèl kò (1 Korent 12.27).
Nou tout se Ebenezè, paske jiskanoujou, Bondye pote nou sekou (1 Samyèl 7.12).
Nou tout se advantis, paske nou tout ap tann Jezi retounen (1 Tesalonisyen 4.16-17).
Nou tout se Temwen Jeova, paske Bondye te voye Jezi e Jezi te voue nou pou kontinye misyon an.(Jan 17.18).
Nou tout se katolik, paske levanjil n’ap preche a se pou tout moun (Jan 3.16).
Nou tout se kretyen, paske nou tout gen yon sèl Senyè a ki se Jezikri (Efezyen 4.5)
Ann sispann anseye doktrin pa nou, men ann anseye doktrin Jezikri yo paske se yo sèlman ki ka sove pannkotis la, batis la, advantis la, temwen Jeova a, katolik la e tout moun ki kwè nan Jezikri (Matye 28.20a ; Jan 14.6 ; Travay 4.12 ; 1 Timote 1.10).
Byen medite !
Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...