samedi 4 juillet 2020

Volonte ak pasyon, kilès ki gen plis pouvwa sou ou?

|FILOZOFI SANTIMANTAL|

Kèk fwa, ou ta di renmen se yon santiman ki aktive lespri nou sou yon moun san n pa ba l lòd. E dèfwa, se nou menm ki dikte lespri nou kilès pou n renmen. 

Tout sa m vle ta dwe bon paske m reflechi avan m chwazi. Se dezi m, se chwa m, poukisa m pa jwenn sa m vle a? E yo di m: depi m vle, m kapab. M vle twòp m pa janm kapab. Kisa ki lakoz sa? Ta sanble volonte m pi fèb pase pasyon m. 

Pasyon m se yon bann santiman vagabon, vyolan, dechennen, rapid k ap dikte m, aji sou volonte m, fè m vle sa m pa dakò epi kou m fin reflechi, m wè m te nan erè. 

Èske se sa m vle ki domine m osinon pasyon m k ap mennen volonte m? Lè m byen gade, m wè m pa kapab men gen yon fòs k ap tingting mwen pou m aji kont mwen menm. Li tèlman nwi m, espyone m, bwase bil mwen, m pèdi kontwòp tèt mwen. 

Mwen di l mwen renmen l, li di m, yo di m fou. M pa wè nan je, kote m ka gen entèl. M pa vle kwè sa, m vle kwè sa volonte m vle a. Men, èske m pa fou vre? Kòman k fè pa ka wè sa yo wè a? Volonte m vle men genlè pasyon m pa dakò. 

San dout, se paske kapasite pou m konprann fèb ki fè m pa ka fè diferans ant lè volonte m ak pasyon m ap travay. 

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...