mardi 1 décembre 2015

Etid Biblik: Bondye, kreyatè mond la

Enpòtans etid sa a.

Pa bliye ke pou nou gen lavi ki pap janm fini an, fòk nou konnen Bondye ak Jezikri (Jan 17.3). Se nan Bib la Bondye revele pèsonalite li, nati li ak tout sa Li te fè, tankou lakreyasyon. (Jenèz 1.2) Se pa pou anyen kifè Bib la toujou egziste, Bondye vle pou tout moun konnen Li, sitou lanmou Li gen pou lèzòm. Etid sa a pap di w tout sa w dwe konnen sou Bondye, men l’ap ede w konprann ke Bondye egziste, nati li ak rapò li ak lòm.

KIYÈS KI BONDYE ?

Bondye se Lespri Li ye, (Jan 4.24) se Li menm ki te kreye syèl la ak tè a ak tout sa ki ladan (Jenèz 1.1, Som 139.13).

ESKE BONDYE EGZISTE ?

Gen moun ki di Bondye pa egziste paske yo pa ka wè Li oubyen paske Li pa janm fè anyen pou yo. Eske se vre ? Pou premye rezon an, men yon eksperyans senp. Mete men w devan bouch ou epi soufle. Eske w santi yon bagay ? Kisa li ye ? Eske l egziste ? Sak fè w di l egziste ? Eske w kwè ladan ? Bondye plis ke van, men se yon fason pou fè w konprann ke yon bagay ki egziste pa toujou vizib nan je lòm. Pou dezyèm rezon an, se ipokrizi, engratitid ki fè yon moun di Bondye pa egziste. Poukisa ? 1. Lòm pase 9 mwa nan vant yon fanm, kilès ki fè sa ? 2.Lè li fèt, li grandi, pyès moun ni li menm pa janm wè. 3. Lòm dòmi, li pa konn anyen, se wè li wè li dòmi, wè li wè li reveye. 4. Se ti souf la ki fè tout moun ap viv. 5. Lòm pa ka epanye lanmò ni li pa ka negosye avè l.

Chache lòt egzanp ankò.


NATI BONDYE

Nati Bondye, se siy ki detèmine kilès Bondye ye. Men kèk ladan yo. Li tout vèsè ki bay yo pou w wè si se vre.

Li toupwisan : Wom 9.19-21 ; Kron 29.11 ; Efe 3.20
Li ka fè tout bagay (omnipotent) : Matye 19.26
Li konn tout bagay (omniscient) : Ebr 4.13 ; 1 Jn 3.20
Li tout kote an menm tan (omniprésent) : Som 139.7-12 ; Jer 23.24
Li pa janm chanje (immuable) : Malachi 3.6
Li jis : Som 119.137, 145.17a
Li gen mizerikòd : Som 145.17b
Li se lanmou : 1 Jn 4.8
Li sen : Lev 11.14 ; 1 Pyè 1.15-16
Li gen pasyans : 2 Pyè 3.9
Li pa konn bay manti : Nonb 23.19 ; Ebre 6.18

OU KA VIN PITIT BONDYE

Pou anpil moun, tout moun se pitit Bondye. Se pa reyalite. Bondye sen, sa vle di Li pa demere kote ki gen peche. Tandike lòm fèt ak tout peche Adan ak Èv yo (Wom 3.23 ; 6.23). Sa vle di lòm fèt tou lènmi Bondye. Jiske la, lòm se kreyati men li pa pitit Bondye. Pou w vin pitit Bondye, fòk ou kwè nan Jezikri, lè sa a peche Adan yo ap ranplase pa gras Jezikri a. Akoz de peche Adan yo, lòm t’ap tou ale nan lanfè, men Jezi te vin mouri pou L te ka efase peche sa yo (Wom 5.8).

Epi tou, jan Bondye pa renmen peche, mechanste, enjistis, manti, ipokrizi, egoyis, divizyon, dezobeyisans kòman yon pitit Bondye ta fè nan kondisyon sa yo ? Men kèk vèsè pou n li pou n wè kòman nou ka vin pitit Bondye. (Wom 8.9, 14, 16 ; Jan 1.11-13 ; 1 Jan 3.9-10 ;4.4 ; Galat 4.4-5) Ou ka vin pitit Bondye depi jodi a si w vle viv jan Bib la mande pou pitit li viv.

KI KOTE BONDYE RETE ?

Nan tan Ansyen Kontra a, Bondye te rete nan Tanp la (Ezayi 56.7; Abaki 2.20; Jer 7.17). Men sa Li di pou Nouvo Kontra a :
1 Kor 3.16 : Nou se Tanp Bondye a
1 Kor 6.19 : Kò nou se Tanp Sentespri a
Trav 17.24 : Bondye pa rete nan Tanp lòm fè ak men ankò

ESKE BONDYE RETE NAN LEGLIZ LA?

Gen anpil moun ki konn di ke Bondye nan legliz la, fòn gen respè pou tanp li a. Se pa vre daprè tout sa nou sot aprann la a. Legliz la se pa kay la, se tout moun ki reyini yo. Kay la rele “Kay kote legliz la reyini” (La maison de l’Eglise). Depi moun yo ale, pa gen legliz ankò. Lè nou di Bondye la nan legliz la, sa fè konprann ke Li pat la, Li konn pa la. Ou sot aprann ke Bondye tout kote an menm tan (omniprésent). Kidonk, se yon erè lè nou di Bondye legliz la, li pat janm pa la, e pandan Li legliz la, Li deyò a, Li nan syèl la, Li nan tout legliz sou tout latè.

Kwayans ke legliz la se kay Bondye a fè anpil moun pa ale legliz poutèt yo pa gen bèl rad. Yo bezwen byen abiye paske y ap vin nan prezans Bondye. Nan Matye 28.20b, Jezi di Li avèk nou pou tout tan. Eske lè yon moun al nan mache, lekòl, fèt, gradyasyon elatriye, li pa gen rad sou li ? Si li gen rad sou li, èske Bondye pa kote li ye a? Si se vre, poukisa fòk li gen rad pou l ale legliz la ? Menm jan w fre pou w al legliz la, ou dwe toujou fre tout kote. Se sa ki fè kretyen an dwe toujou byen abiye, rad li pa dwe kite pati ki sansib nan kò li deyò paske kò l se tanp Sentespri a (1 Ko 3.16). Bondye ta renmen rete nan ou jodi a menm si w kwè nan Pitit li a Jezikri.

KEK VERITE

Nouvo Kontra a, soti nan Women pou rive Jid, te ekri pou pitit Bondye yo, se pat pou kreyati li yo.
Se pa paske w konn li labib k’ap fè w vin pitit Bondye, men se paske w ap pratike sa ou li yo.
E li enposib pou w pratike tout sa ou li yo si w pa pitit Bondye.

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...