mardi 1 décembre 2015

Etid Biblik: Bib la, Pawòl Bondye a


ENPÒTANS ETID SA A.-

Pou yon moun kwè nan Bondye, fòk li kwè ke Bib la se Pawòl Li li ye, paske se ladan li, Li revele volonte li (Det 29.29; Jan 8.31). Pèsonn pa ka deklare li sove si li pa konnen Bondye, Jezikri (Jan 17.3) ak resevwa pouvwa Sentespri a ki se mak letanp Bondye mete sou tout pitit li yo, kretyen yo, pou dènye jou delivrans la (Efez 4.30). Tout sa fè pati Bòn Nouvèl la (Jan 3.16) ki gen pou tèm : lanmou Bondye pou lemonn.

KISA BIB LA YE?

Se yon liv ki gen ladan 66 pati ke yo rele liv tou. Li divize nan 2 Kontra (Testament, fr) : Ansyen Kontra (37 liv) ak Nouvo Kontra a (29 liv). Bib la te ekri nan 3 lang orijinal ki se arameyen, grèk ak ebre. Se anviwon 40 moun ki te ekri liv sa yo sou enspirasyon Sentespri Bondye a (2 Tim 3.16 ; 2 Pye 1.21) nan yon peryòd 1.600 lane konsa.

BIB LA PA GEN KONTRADIKSYON LADAN

Jan anpil moun panse l, Bib la pa gen kontradiksyon, paske Bondye se yon Bondye ki gen lòd (1 Korent 14.34). Yon lòt rezon ki fè kwè ke Bib la kontredi tèt li, se paske gen anpil doktrin ki fèt sou vèsè men ki pa fèt sou sa Bib la di nan tout entegralite li. Si chak moun gen yon kantite vèsè yo renmen, se posib pou yo nan diskisyon, divizyon. Youn nan 40 moun ki te ekri Bib la di konsa: “ Chak moun ap di yon bagay diferan. Sa a di: Mwen se moun Pòl. Yon lòt di: Mwen se moun Apolòs. Yon lò ankò : Mwen se moun Kris la. Nan kondisyon sa a, Kris la genlè divize(Efezyen 4) ? Eske se Pòl yo te kloure sou kwa(Matye 27.35) a pou nou ? Osinon, èske se nan non Pòl yo te batize (Trvay 2.38) nou? » (1 Korent 1.12-13). Kidonk, san nou pa bezwen site tout relijyon, sèk ou konnen yo, ou deja wè kisa ki fè gen moun ki panse ke Bib la gen kontradiksyon. Se sa ki fè, pou levanjil la transfòme w li enpòtan pou n chache konnen laverite. Fòk ou kwè nan tout Bib la, se pa pran pati ki fè w plezi epi kite lòt ki difisil pou a.

OBJEKTIF BIB LA

Imajine yon moun ki gen kòb epi k’ap mouri grangou. Li pran plezi di li gen anpil kòb, epi li pa sèvi ak yo. Se konsa yon moun ki gen yon Bib epi ki pap viv jan Bondye vle l la. Poukisa ?

1. Bib la devwale plan Bondye pou lòm (Jan 3.16 ; Rev 20).
2. Bib la pa janm bay manti ( Sòm 22.18 ; Matye 27.35).
3. Bib la fòme nou sou plizyè pwen  (2 Tim 2.16).
4. Bib la moutre nou kijan pou n sèvi Bondye (Efezyen 4.17-23).
5. Pawòl ki nan Bib la fèn dekouvri laverite (Jan 8.31).
6. Pawòl ki nan Bib la bay libète (Jan 8.32)

Gen lòt rezon toujou, men sa yo sifi pou fè n wè ke objektif Bib la se pa pou fè moun fò nan konnen vèsè sèlman, men fòk moun ki konn vèsè a pratike sa li konnen an tou. Tande sa Jezi di yon fanm: “ Moun ki koute pawòl Bondye a epi ki mete l an pratik, se yo menm Bondye beni” (Lik 11.28). Konsa nou wè gen 3 etap konsa pou yon moun pase pou l pwouve kwayans li nan sa ki di nan Bib la.
1.Tande
2.Kenbe sa li tande a
3.Fè sa li kenbe a

Si li pa pase 3 etap sa yo, se sèten li pa kwè nan Bondye, ni nan sa ki ekri nan Bib la. Eske w kwè nan Bib la?

KISA PAWÒL BONDYE A FÈ AN JENERAL?

Avèk Pawòl li sèlman, Bondye fè anpil bagay, tankou:

1. Li te kreye syèl la ak tè a ak tout sa ki ladan (Sòm 3.6-).
2. Li bay lavi (Jan 6.63).
3. Li fè moun viv byen (Sòm 119.9,11).
4. Li se yon limyè nan lavi moun ( 2 Pyè 1.19).
5. Li bay entèlijans nan yon monn ki nan fè nwa (Sòm 9.19).
6. Li se manje pou lespri lòm (Matye 4.4).
7. Li fè moun grandi (1 Pyè 2.2).
8. Li se yon semans (2 Korent 9.10).
9. Li se yon nepe (Ebre 4.12, Efe 6.17).
10. Li fè moun pran prekosyon nan sa y ap fè (Matye 7.26).

Tout sa se prèv pou moutre ke Bondye merite konfyans lòm, adorasyon li ak obeyisans nan sa Li di. Si Li te ka fè syèl la ak tè a, pa gen anyen Li pa ka fè pou pitit li, depi sa dakò ak Sentete li.

KISA PAWÒL BONDYE A KA FÈ NAN LAVI W?

Si yon moun di w li manje, gen plizyè bagay ki ka pwouve w sa, pa vre ? Pa egzanp : Li kontan, vant li ka pouse, li gen fòs pou l travay, li refize lè w ofri li, elatriye. Menm jan an, lè yon moun di li kwè nan Bib la, fòk gen bagay ki pwouve sa. Sa pa vle di w ap jije moun lan, men fòk li pa nan bay manti tou. Men kèk bagay ke Bib la ka fè nan lavi yon moun ki kwè ladan. N’ap aprann 10 sèlman.

1. Li bay fwi ki di li chanje vre (Matye 3.8).
2. Fwi sa yo soti nan Sentespri a (Galat 5.22).
3. Li se yon lòt moun nan Kris la (2 Korent 5.17).
4. Li chache konnen sa ki fè Bondye plezi (Efe 5.10).
5. Li pa nan relasyon santimantal ak payen yo (2 Korent 6.14).
6. Li pa wont lè li nan pèsekisyon pou levanjil.(Matye 5.10).
7. Li pa wont paske l’ap soufri pou levanjil. (1 Pyè 4.10-19).
8. Li renmen frè li ak sè li nan levanjil (Jan 17.34).
9. Li pap viv nan plasay ( 1Tesa 4.3-5).
10.Li pataje pawòl la ak sila yo ki pa konnen l. (Mak 16.15).

Si yon moun kwè nan Bondye, li dwe kwè nan sa Li di tou. Paske menm Bondye ki nan syèl la, ki te kreye tout bagay yo, ki konn delivre, geri, debloke, chanje ak sekirize, se menm Li menm nan tou ki di pou nou pa fè peche (1 Jan 3.9). Se pwoblèm sa a Bib la vin regle ak lòm (Women 6.23).

KÈK VERITE NOU DWE KONNEN

1.Pa gen liv ki pi gran pase Bib la.
2.Pyès liv sou latè pa ka konpare ak Bib la.
3.Gen yon sèl Bib, men gen plizyè tradiksyon nan plizyè lang pou plizyè nasyon ka konprann mesaj la.
4.Genyen ak konn li Bib la pa vle di yon moun se kretyen pou sa.
5.Konesans lèzòm pa ka pèmèt nou konprann tout sa ki ekri nan Bib la, se Sentespri Bondye a ki pèmèt sa (1 Korent 2.14-15).
6. Yon moun ki pa konvèti pa ka konprann sa ki nan Bib la.

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...