vendredi 21 février 2020

10 rezon ki fè gen inisyativ ki komanse ki pa ka fini

Èske pou yon fwa ou pa t patisipe nan yon rankont pou entegre oswa pran yon inisyativ? Se te ka nan zòn ou, nan Legliz ou, nan lekòl ou oswa nan travay ou. Epi, se gade w gade w w pa wè sa ki te pwomèt yo fèt. Moun ki te angaje yo rale kò yo epi tout bagay tounen menm jan e pafwa pi mal. Paske sa vin yon abitid, nou tout vin dakò sou deklarasyon sa a: ANYEN PA JANM KOMANSE POU L FINI ISIT! Men èske se vre? Olye m reponn kesyon sa a, annou wè ansanm kèk rezon ki ka fè non sèlman nou jwenn repons la men pou n pa pran repons yo sèvi eskiz. Se sa ki pi grav la nan yon reyalite konsa. Lè nou konnen pwoblèm yo epi n pran plezi ap pale de yo, eskiz se pi gwo mwayen pou n pa janm rezoud yo.


 1. VIZYON AN PA KLÈ

Yon inisyativ ka yon vizyon. Sa vle di yon sitiyasyon, yon moun nou swete chanje aprè yon tan. N ap viv pwoblèm nan, nou vle konbat li pou n jwenn yon lòt rezilta. Tout moun ki angaje yo nan vizyon sa a dwe byen konprann li pou yo pa dekouraje oswa fè lòt panse ki pral kraze mouvman an. Se sa ki fè, lidè mouvman an dwe byen kominike sa ki nan tèt li a pou tout moun k ap swiv li yo ka konnen kote yo prale. Si vizyon an pa klè, nenpòt moun ka ba l fòm li vle e trè souvan se move fòm yo ki fè plis enpak sou manm yo ak moun ki ta vle sipòte inisyativ la.


2. LIDÈ A PA ENSPIRE MOUN KONFYANS

Swiv yon moun san w pa wè sa l ap di w yo e sitou si l pa ka genyen anyen nan moman l ap fè pwomès la pa fasil. Poutan, se sa ki pou fè yon lidè serye, lè moun kwè nan ou malgre yo pa wè men yo fè w konfyans paske yo konnen ou ka atenn objektif ki vize a. Toutfwa, si w ap aji kòmsi se ou ki ka fè l pou kont ou, w ap pèdi konfyans kolaboratè w yo paske y ap wè kapasite yo, konsèy yo, enplikasyon yo pa enpòtan.

3. LIDÈ INISYATIV LA PA KONN MOTIVE


Fin patisipe nan yon reyinyon ki te trè enteresan gras ak bèl lide pa yon asirans angajman yo pral respekte vre. Se jis yon bon kòmansman men pi fò travay la rete pou fèt aprè. Dayè, pi souvan, lide ki te bwase yo, ou te konn pale yo ak zanmi oswa nan deba deja. Men pa t gen yon lidè ki te pran l fè cheval batay li. Ou menm tou, ou pa t janm wè nesesite pou w fè sa. Ebyen, si mèt inisyativ ou te patisipe a pa gen estrateji pou l fè enèji li te degaje a toujou motive w, domine w, pasyone w, w ap finalman dekouraje. Pi rèd ankò, ou gen dwa pa janm entèrese ak yon lòt inisyativ parèy paske w ap panse se menm penpenp la. 

4. KOLABORATÈ YO PA RESPEKTE VIZYON INISYATÈ YO

Toujou raple w yon vizyon rete yon vizyon. Ou te ka genyen l tou e w te ka mennen l pi byen pase inisyatè a. Men ou pa oblije opoze ak li paske l p ap mennen l jan w ta swete l la. Konsa tou, ou ka itilize estrateji pou w enfliyanse l nan fason pozitif, tankou pwopoze l lide w yo san w pa enpoze yo, fache oswa demisyone. Anpil moun bezwen bay konsèy men yo pa ka fè diferans ant konsèy ak lòd. Tout sa w di w vle se li ki pou fèt pa konsèy, se yon lòd. Si w ap bay yon bon konsèy, ou dwe kòmanse nan respè pou moun nan, answit nan renmen epi nan sajès. Moun nan gen dwa pou rejte konsèy ou a, reflechi sou li oswa aksepte l. Se pa t li menm ki te fè lide w fè a e pa gen anyen ki di l ki plan ki kache dèyè lide w la. Kidonk, li enpòtan pou w respekte vizyon lidè ki nan tèt gwoup a san w pa neglije ede l, sipòte l e konseye l. 

5. RESPONSAB YO PA VLE TRAVAY AN EKIP


Refize travay an ekip se pi gwo pwazon k ap detwi anpil rèv, vizyon, plan ki genyen pou kominote w la, Legliz ou a, gwoup ou a. Li fasil pou konnen rezon ki fè moun pa vle travay an ekip. M ap gen pou m ekri yon atik sou sa pèsonèlman. Pou koulye a, m ta renmen w konnen si manm nan kominote w la pa vle travay an ekip, menmsi vizyon yo a ta pi bèl nan monn lan, li p ap ka reyalize. Sepandan, ou ka gen yon ekip ki pa ka bay rezilta. Sa a ankò se yon lòt sijè pou n trete apa.

6.  PA GEN PLANIFIKASYON NAN PLAN AKSYON YO


Planifikasyon se yon pouvwa. Li ka fè w prevwa tout obstak e prepare pou fè fas ak yo. Malerezman, endisponiblite ak iresponsablite fè anpil lidè pa renmen oswa pa konn planifye sa y ap fè. Se sa k fè menm lè gen lajan, gen moun, anpil aktivite pa ka reyalize. Lè konsa, dekourajman, plenyen, kritik sifi pou kraze tout inisyativ la. N ap viv nan yon epòk kote moun pa gen pasyans, sitou nan sa ki mande yo pou chita, tande, fè lekti. Tout sa k ap fèt dwe planifye pou evite pèdtan, denigreman ak fristasyon.

7. MANK RESPÈ POU PLANIFIKASYON YO

E si ta gen planifikasyon, èske sa vle di tout bagay ap byen mache? Non. Aprè planifikasyon an, moun ki konsène yo dwe respekte plan ki te detèmine a. Premye sa ki pou respekte se lè, aprè se pwotokòl, answit se pozisyon e finalman aksyon ki dwe fèt. Pi gwo enmi planifikasyon se eskiz. Depi w te gentan di 'wi', tout sa k ap lakoz 'wi' sa a vin 'non' pa dwe sou responsablite w, sof nan ka majè, egzanp pou aksidan, maladi. Pwoblèm transpò, blokis se eskiz si koz la se yon abitid. Egzanp, w ap sot Kafou pou vin Pòtoprens, blokis pa ka eskiz pou ou. Ou te dwe deplase yon lè oswa ret pi prè evenman an. Tout sa dwe antre nan planifikasyon an, ou ta dwe prevwa yo pou si sa ta rive pou gentan gen ranplasman.


8. ENPASYANS NAN TANN REZILTA YO

M pa kwè w ap ka konte kantite asosyasyon ki te pran nesans nan zòn ou, poutan prèske youn pa rive atenn objektif yo menmsi yo kontinye egziste. Jodi a m vin di w pi gwo pwoblèm nan se ENPASYANS! Se pa menm tan an ou bezwen pou tann yon diri k ap kwit lakay ou ak yon jaden diri ki fèk plante. Tou de se diri men yo pa pran menm tan. Se konsa pou w wè inisyativ ou fè pati a. Nan konbyen tan sa y ap pale a ap rive? Nan konbyen tan w ap jwenn sa yo pwomèt ou a e ki aksyon ou dwe fè pou w jwenn li? Paske si w kanpe devan yon pòt ap tann li louvri, ou p ap janm antre si se ou ki dwe jwenn kle a epi louvri l. Ou pa dwe ap tann sèlman, fòk ou aji tou. Dayè, lè w ap tann san fè aksyon, sa kreye plis dezespwa. Se pa yon lòt asosyasyon pou n fè, se sa ki la deja yo pou n ranfòse paske si lòt ki la yo pa bay rezilta ak ou menm, nouvo a gen dwa pa bay li tou. Kidonk, avan ou pran yon lòt inisyativ, gade pou w wè si pa gen lòt deja ou ka entegre oswa sipòte pou l reyisi. Lè sa a, li ka sèvi w modèl. Men si nou tout ap fè pa nou paske n pa ka tann, nou p ap janm gen yon egzanp pou n swiv.

9. JALOUZI POU ENPAK VIZYON AN

Tout vizyon k ap reyalize gen yon enpak l ap fè. Si w wè l, sa vle di li ka fèt. E si li ka fèt, ou dwe mete men pou l reyalize. M panse se rezon sa a ki fè w fè pati yon gwoup deja. Jalouzi a pral manifeste sou plizyè fòm, tankou: ou pa entèrese ak aktivite vizyon an, ou swete echèk pou aktivite l yo, w ap denigre inisyativ la, ou sispèk tout bon rezilta, ou minimize siksè l fè e finalman ou kontan paske l pa la ankò. 




10. DIVIZYON
Divizyon an se dènye etap la nan tout sa n soti site la yo. Plis gen gwoup k ap divize, se plis travay nan tèt ansanm nan ap difisil. Ap gen mwens moun ki vle pou sa chanje men plis moun ki pa prè pou kolabore. Divizyon lakoz anpil inisyativ ret nan wout e lòt ki kraze. Poutan si nou ta chita pale sou koz divizyon yo nou t ap wè se feblès nou, inyorans ak lògèy ki fè n pa ka rete ini. Nou dakò viv yon kote n ap mouri ansanm men n refize poze aksyon kote n ap reyisi ansanm. 

Apati jodi a, lè w wè yon inisyativ pa reyisi nan zòn ou an, poze tèt ou kesyon sa a: ÈSKE MWEN PA YOUN NAN RESPONSAB YO? 

JDE 

jeudi 20 février 2020

Kèk konsèy pou kwayans ou pa lakoz ou nan pwoblèm

Trè souvan, ou konn santi w estomake, eksite paske lòt moun wè moun pa pataje oswa pa konprann kwayans ou. M ap kòmanse pou m di w se yon fè nòmal paske si l pa t nòmal, ou pa t ap gen chwa pou w gen yon kwayans. Si w gen dwa pou w kwè nan sa w vle, tout moun genyen l tou, men pwoblèm nan se kòman pou w reyaji fas ak moun ki pa gen menm kwayans ak ou, sitou lè w rankontre moun sa souvan, ou fè afè avè l, li ret nan menm kay ak ou, l ap travay menm kote ak ou?

Premye reyaksyon ou fas ak yon moun ki meprize oswa rejte kwayans ou se montre w trè ofansif opwen ou ka itilize tout vye tèm pou w kalifye l. Lè konsa, ou ka fè plis pase sa. Men kèk konsèy m ap pataje ak ou jodi a pou w evite gen pwoblèm ak moun chak fwa kwayans ou ta konsène. Ke w se vodouyizan, kretyen, ate, konsèy yo aplikab pou nou tout.

1. Ou gen dwa pou w kwè, li gen dwa pou l kwè. Pa reyaji kòmsi se ou sèlman ki ka kwè.

2. Tout moun gen dwa pou pa kwè nan sa w kwè. Pa kwè nan sa w kwè pa dwe minimize fwa w. Ou pa oblije depase limit ou si moun nan depase l.

3.  Pa enpoze kwayans ou nan relasyon ou ak moun, sitou nan sosyete a, lekòl, nan travay. Tout moun pa oblije gen menm konpòtman ak ou ni gen menm fason yo pale. Se ou ki kwè se pa yo. Nan sans sa a, avan ou angaje ou nan yo asosyasyon, yon ONG, avan ou aksepte yon travay, avan ou enskri nan yon lekò, chache konnen tout sa ki ka kont kwayans ou. L ap pi saj pou w pa angaje w pase pou w enpoze kwayans ou aprè angajman w. Konsa tou, si w ka reziste, se pi byen.

4. Pa fache ak moun ki pa vle kwè nan pawòl ak pratik ki soti nan kwayans ou. Yo pa fòse anseye moun. Tout ansèyman yon kwayans ki chita sou fòse, manti ak manipilasyon ap fini nan ipokrizi. Se sa k fè, ou ka wè yon moun di w li kwè nan yon prensip pandan l ap vyole l an piblik. Se fòse ki mete l nan sitiyasyon sa a. Si w pa renmen lè yon kwayan ipokrit, pa enpoze l sa w kwè ni ba l pawòl pou l kwè. 

5. Pa jije pawòl yon moun nan linèt kwayans ou kòmsi se paske l pa gen menm kwayans ak ou ki fè l di yon koze. Sa w gen nan entansyon w lan pa toujou sa moun nan genyen. Kite l devlope sa l di a, pran tan w pou w tande l, ou ka menm ba l rezon.

6. Pa minimize yon moun ki diferan ak ou malgre li gen menm kwayans ak ou. Yon zanmi ka nan menm gwoup ak ou, li konn tout disiplin gwoup la e li defann yo poutan ak etonman, ou aprann yon nouvo pawòl de li. Pa bliye! Konesans laj anpil e ou pa dwe limite sa w konnen ak sa yo di w oswa sa w leve ap tande depi w piti. Sa ka fè w kwè nan yon manti oswa yon demi verite jis w ale anba tè. Lè yon deklarasyon etone w, gen de reyaksyon ou ka fè: 1. Poze kesyon pou w konprann, 2. Fè rechèch pou w konnen sous sa ki di a. 

Gen lòt konsèy toujou men m rete nan 6 sa yo e m espere yo ede w konprann lòt moun e jwenn lòt rezon pou w pa janm nan pwoblèm akoz kwayans ou. 

Pa bliye! 

Si kwayans ou fè w rayi moun, li p ap ede w viv byen ak moun. Ann aprann viv ansanm menmsi nou pa kwè nan menm valè, prensip ak pratik.

JDE





   

lundi 17 février 2020

Ki sa dwa fanm vle di ?


Tèks Biblik : Women 16:3-4

« Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen. Yo t ap travay avè m nan sèvis Jezikri a. Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k ap di yo mèsi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k ap di yo mèsi tou. »

Atik 6 Konvansyon ameriken sou dwa moun: Yo pa dwe kenbe pyès moun nan esklavaj ni nan travay fòse. Esklavaj, trafik esklav ak trafik fanm tout bagay sa yo entèdi sou tout fòm. »

Tèks

Pale sou dwa fanm se yon bagay ki pa fin fè sans paske pa ta dwe genyen diskisyon sou dwa fanm yon bò ak dwa gason yon lòt bò. Toulède se fòs ak motè sosyete a.
Bondye kreye tout moun ak menm dwa. Dwa yon moun fè referans ak tout privilèj li dwe jwi depi li fèt jis lè li mouri san li pa peye anyen pou sa. Tankou dwa pou l jwenn swen sante, jistis, edikasyon, sekirite, libète ...

Gen anpil moun ki sibi plizyè kalite vyolans, tankou vyolans seksyèl, enjistis, mizè. Men pi fò viktim sa yo se fanm. Ta sanble se pou rezon sa moun angaje yo nan defann dwa fanm plis pase gason.
Anpil fanm nan sosyete a twomatize paske yo viktim vyolans, move tretman, imilyasyon. Kounye a an n reflechi sou kesyon sa yo: èske moun ki twomatize ka dirije byen? Eske moun ki twomatize ka fè fanmi yo mache byen? Eske moun ki twomatize ka aprann san pwoblèm?

An Ayiti gen yon ministè ki fonde 8 Desanm 1994 pou defanm dwa fanm. Anplis, pa manke òganizasyon k ap fè pwomosyon pou pwoteksyon fanm. Men pou anpil moun sa pa rive chanje kondisyon lavi fanm yo. Chak jou vyolans sou fanm, abi ak enjistis y ap sibi ap ogmante. Si nou kontante nou ak sa k ap di nan medya yo, n ap manke konprann, men se lè nou ale nan kominote yo n ap dekouvri nan ki pwen medam yo viktim.

Gen done estatistik ki fè konnen gen plis fanm k ap travay pase gason. Men salè yo enferyè nèt pa rapò ak salè gason, menm lè y ap fè menm travay.

Nan ane 1995 te gen 4700 moun konsa ki te patisipe nan katriyèm pi gwo konferans entènasyonal fanm ONU te òganize nan lide pou chache elimine tout fòm vyolans kont fanm. Gen 189 peyi ki te siyen yon dokiman ki fè egzijans sa yo:

1. Fè Pwomosyon pou egalite fanm ak gason nan domèn politik ak ekonomik nan sosyete a.
2. Pwoteje dwa fanm yo
3. Lite pou ede fanm soti nan mizè, sitou, nan peyi k ap fè efò pou yo pran chemen devlopman.
4. Kondane tout fòm vyolans sou fanm.
5. Elimine diskriminasyon seksyèl nan edikasyon ak nan sante.

Diskisyon

1. Ki kote pwoblèm inegalite ant fanm ak gason soti?
2. Lè gen pwoblèm inegalite ant fanm ak gason ki moun k ap peye konsekans yo?
3. Eske Labib ankouraje inegalite ant fanm ak Gason?

FOKA/DAI
GBS
KÒDINASYON LATIBONIT

Ou bay twop eskiz


O wi, kretyen sesi, pastè sela, Legliz se laba. Se Jezi yo di w aksepte wi!
Ou bay twòp eskiz!
Yo pa valab paske nan jou jijman an, se koze lakwa, lagras, sakrifis ki pral pale.
Jezi konnen raketè yo, li pa mande w jije yo.
Jezi konn fo pwofèt yo, fo pastè yo, fo fidèl yo, li pa mete pyès jounalis ni anketè siveye yo, li konnen yo plis pase w.
Mwen m p ap preche w Legliz ni m pa nan kritike pastè ak Legliz ak ou. M vin di w, e m ap di w sa lontan, aksepte Jezikris!
Pa di w pa t oukouran! Oke!
Tout moun ou wè k ap fè lajan, sipèsta, betiz nan non Jezi yo ap jije. Ou menm si w fè egare pa aksepte Kris, ou p ap epanye non paske w fè dezòd ou tou. Ou pa pi bon, pa jije pa bon.
Jezikri ap tounen! Se jodi a pou w konvèti!

JDE

samedi 15 février 2020

Kite tout moun di sa yo panse

Kite tout moun fin di sa yo panse
Si youn di sa w panse
Sa vle di w gen rezon te fè silans
Se pa ou menm sèlman ki konnen
E w te ka panse se ou sèlman ki te konnen
Men si pèsonn pa di sa w panse
Reflechi avan w di sa w panse a
Paske tout moun pral repete, fè, komante e swiv sa w di a
Pawol ou gen pouvwa
Si w vle anseye moun
Fo w gen tan pou w aprann
Tande moun
Fè lekti
Poze kesyon
Gade
Medite
Dyaloge

JDE

jeudi 9 janvier 2020

Trèv oswa prèv?

A N N C H I T A P O U N K O Z E

1 janvye 2020

Depi fen lane 2019 la, kòmanse 24 desanm, pase pran 31 desanm pou rive 1 janvye 2020, moun wè moun yon lòt jan. Li pi fasil pou yon moun salye w, swete w jwaye nwèl, bon fen lane e bon lane. Se kòmsi tout bagay posib: padon, pataj, souri, bon konprann, bèl pawòl, elatriye.

Sa montre nou pandan tout lane a, nou te lwen, nou pa t pote atansyon bay zanmi nou, gen anpil ladan yo nou te bliye. Se sa k fè chak moun ap chache yon bèl imaj, yon bèl mizik, yon bèl videyo pou l swete bon lane ak yon zanmi, yon frè, yon sè, yon manman, yon papa...

Pandan tan sa yo, kretyen yo, e menm majorite sitwayen ki pa kretyen santi yo rekonesan anvè Bondye opwen yo pase nwit 31 an Legliz nan selebre, lapriyè, adore, preche e manje ansanm. An verite, pito chak jodi te 31 desanm, e chak demen 1 janvye. Aaaaa, lavi a t ap vrèman bèl, pa vre?

Men di m non, kilès ki fè fèt sa yo bèl? Kilès ki di nou pou n souri, anbrase lòt, pataje soup, swete chak moun k ap pase nan vwazinay, chak kontak sou telefòn ou bon lane? Repons la senp, men w pa t panse ak sa: pèsonn! Sepandan, se yon tradisyon, menm si se pa tout moun ki fè l.

Ebyen, poukisa menm nou menm nan pa ka kenbe tradisyon sa a nan 366 jou 2020 an? Li enposib? Fò n pase 11 mwa ak plis pase 23 jou pou nou youn ap dechire lòt, imilye lòt, denigre lòt, inyore lòt epi nan fen ane 2020 an, nou pral montre nou youn renmen lòt? Non, kèk moun t ap di sa se ipokrizi.

Kisa w pral fè pou w kontinye montre m ou renmen m, apresye m, konprann mwen, ede mwen, sipòte m, viv avè m pandan 2020 an aprè tout swè ou te fè m yo? Kilè n ap chita pou n koze sou avni nou, byen kominote nou an, devlopman Legliz nou an, bon lavi nan fanmi nou an, pwogrè nan gwoup nou an? Kilè? 1 janvye 2021?

Antouka, mwen, JDE, mwen prè, nan tèks mwen yo ak nan tout sa m kapab pou m ede w konprann nesesite viv ansanm, tèt kole, konbit, jan w te ka rele l la paske fin fè lagè pandan 11 mwa epi n fè trèv pou 2 jou pa gen okenn sans. Nou ta dwe pase tout lane 2020 an e lòt lane k ap vini yo nan viv byen tankou moun.

Ann aprann viv ansanm pou lavi ka pi bèl!

JDE
SOLI DEI GLORIA
ATELIER 2020

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...