samedi 2 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #66 : Bondye konnen sa w ap fè an kachèt yo

« Moun k’ap veye sou pèp Izrayèl la p’ap kabicha, li p’ap dòmi. » (Som 121.4)

Bondye pa mechan. Li pa chache nwi w, li pa fè w fè peche. Men se yon Bondye ki jis li ye. Li avèti ou avan menm li pini ou pou yon peche. Menm lè ou dezobeyi li, li pa frape ou la pou la, paske Senyè a « …pa fè kòlè fasil, [li] p’ap janm sispann renmen nou. [L]’ap toujou padone sa nou fè ki mal ak sa nou te dwe fè nou pa fè » (Nonb 14.18a)

Bondye p’ap dòmi devan mechanste lèzòm ak krim li pa vle wè menm. Je li fikse sou moun ki soumèt devan l e sou sou moun ki gen lògèy yo. Li wè fònikatè yo, adiltè yo e tout moun imoral.

Li gen sousi pou pwoblèm ou yo e li pwoteje w kont enmi an. Konsa tou, li rayi sa w ap fè an kachèt yo e li ka pini ou si ou pa repanti.

Li vèsè sa yo. Yo nan Bib ou pote chak dimanch la oubyen ki enstale sou telefòn ou an.

« Je Senyè a toupatou, l’ap veye tout moun, bon kou mechan » (Pwovèb 15.3)

« Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l, san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè. » (Ebre 4.13)

« Aprè tout pawòl sa yo, se yon sèl bagay pou m di nan sa : Gen krentif pou Bondye. Fè tou sa li mande ou fè yo. Se pou sa ase Bondye te kreye moun.Paske Bondye ap jije tou sa n’ap fè, kit yo bon, kit yo pa bon, ata bagay nou fè an kachèt. » (Eklezyas 12.13-14)

Gen predikatè ki renmen pale de Bondye pou lanmou li, mirak li konn fè, benediksyon li bay ak pwoteksyon li. Konnen jodi a ke Bondye se yon dife tou (Detewonòm 4.24 ; Ebre 12.29).

Si Bondye pa jije ou pou sa w ap fè ki mal an kachèt nan vi sa a, li gen pou l jije w nan lòt vi a : « Daprè Bòn Nouvèl m’ap anonse a, se sa menm ki gen pou rive lè Bondye va voye Jezikri pou jije tou sa lèzòm t’ap fè an kachèt » (Women 2.16).

Je Bondye toujou sou ou. Se pou w gen krentif pou li.

Pase yon bon jounen.

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...