lundi 3 décembre 2018

Move moman yo pap dire lontan


Li di m li konprann kounye a kòman li fasil pou yon moun rive tiye tèt li. Li te panse se te egare ki te ka fè sa, men nan sa l ap travèse a, li santi se youn nan pi gwo desizyon li te ka pran pou fini ak sa. Sa tris wi lè moun ou te fè konfyans lan doute de ou.

Dlo tap sot nan je li. Li pat ka fin pale men mwen te konprann li e m te pataje moman an avèk li malgre tou. Sa te fè m konprann pi plis kòman lavi anpil jèn ap depafini nan silans, nan reziye yo ak tout sa ki parèt devan yo.

Gen plis moun k ap soufri nan silans pase moun k ap rejwi nan reyalite. Gen moun ki montre w lavi l bèl, li pa gen pyès pwoblèm, poutan se estrateji pou doulè yo pa parèt. Yo pa vle nwi moun nan di pwoblèm yo, ni yo pa vle pou pèsonn konprann yo nan bezwen.

Yap viv nan yon fanmi ki pa ba yo valè, yon fanmi ki dwe yo yon ti kote pou repoze kò yo chak aswè. Lè manje fèt, se si yo la yo jwenn. Aprè sa, y a degaje yo nan lari a jan yo jwenn. E se la, kleren an vini, sèks la vini, dwòg la vini, krim nan vini, trayizon an vini, tiye tèt la vini.

Pandan tout reyalite sa yo ap fè it nan fè nwa, nan silans, nan sekrè, kote w pap janm wè, gen anpil nan nou k ap rejwi. N ap byen pase, bèl rad nou ap byen pase, kisa sa gade nou de lòt moun k ap soufri ? Dayè, yo te voye nou lekòl, nou te byen aprann, nou etidye, n ap travay, nou gen mwayen e nou gen rèv nou. Nan ki pran lapènn pou sila ki pat vle chita sou ban lekòl? Chak moun sibi konsekans chwa ou te pran. Awi! e se sa ki fè n ap sibi konsekans vye sistèm sa ki pa bay moun echwe sa yo regle anyen pou nou.

M gade l, m wè dlo ap sot nan zye l. Chak fwa pa m yo anvi mouye tou, m chache kèk pawòl pou m desine pitye mwen. M vire je m gade lòt kote pou m pa wè, men m pa ka anpeche kè mwen senyen. Li te vle fè m konprann moman l ap pase yo di anpil. Domaj, m pat gen anpil reyon solèy pou m te klere dezespwa li.

Tankou li, gen yon pakèt jèn k ap benyen nan gwo latwoublay. Kilès k ap tande yo? Kilès k ap reponn yo lè yo poze kesyon? Kilès k ap panse pou rèv yo? Kilès k ap travay pou chanje sitiyasyon yo? Kilès k ap vin sove yo?Seryezman, m avèg men m pa soud paske mwen tou, m gen kesyon k ap chache repons.

Antouka, zanmi m, move moman w ap travèse yo pap dire tout tan. Kenbe kè, pran pasyans, kontinye konte leve solèy, pa janm sispann koze ak mèt lavi a. M konnen lanmò se pi bon zanmi w ta vle vizite w. Li tap dous kou siwo myèl, li tap soulaje w anpil anpil paske pito w pa la pase pou w la epi w pa itil. Omwen, nan planifye antèman, Ipolit a vizite kèk kè deseche. Men, pa kite move lide sa yo klewonnen nan lespri w.

Nan yon ti tan ankò, pwoblèm yo gen pou tounen listwa!

Fè lafwa!

Jerome Dorsonne Emerson Jde

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...