jeudi 19 mars 2020

5 ATITID POZITIF POU ADOPTE PANDAN YON PANDEMI

N ap viv an sosyete, sa vle di nou fè yon sèl nan nati a oswa n ap viv sou menm lwa. Malerezman, nou souvan bliye sa men lanati toujou la pou raple nou e se souvan lè gen katastwòf nou rann nou kont diferans ki gen antre nou yo pa fè n siperyè pase lòt, se divèsite Bondye mete menm.

Lè m rich, m dwe sipòte pòv yo. Si m konn li, se pou m limyè pou analfabèt yo. M pa medsen pou m geri tèt mwen, se pou lòt moun. Gade byen, w ap wè se sa k pase depi lè korona viris la ap fè dega nan monn lan. Plizyè peyi tankou Lachin, Etazini, Itali ak Lafrans debloke dè milya dola pou soutni antrepriz ak abitan yo. Nonm rich yo tankou Jack Ma, Bill Gates, foutbolè, aktè nan sinema ap debloke lajan pou jwenn vaksen, distribye kit tès ak kachnen. Poze tèt ou kesyon sa: poukisa? Repons yo ka anpil, men mwen m ap di se paske lavi nou tout menase e neglijans chak moun se yon danje pou lòt.

Devan pandemi sa a k ap anvayi peyi yo chak jou, tout moun dwe aji. Men se pa kouri pou sove tèt ou paske nou tout bezwen siviv. Kidonk, nou bezwen konnen ki atitid ki bon pou n aplike pandan peryòd sa a byenke yo ta dwe rete pou tout tan.

1. SOLIDARITE

Si m pran viris la, ou ka pran l tou. Kidonk, si w pwoteje m pa pwoteje, sa pa itil anyen. Pou sa, nou youn dwe ede lòt jan n ap pataje mesaj sou konsiy yo. Si nou tout wè l konsa Ayiti, n ap ka sove anpil vi. Dayè, se meyè fason an paske n pa gen lopital.

2. PRIDANS

Anndan solidarite a, nou dwe pridan. Sa vle di, nou dwe panse ak konsekans chwa nou avan nou aji.  Erè pa w se erè pa m. Nou pa dwe neglijan ni aji tankou inyoran.

3. BON KÈ

Lè w kontamine, 99% koz la se yon moun ki ba w li san l pa konnen. Mete kachne, avèti responsab yo, pa ekzpoze w devan fanmi w, moun aji, kòlèg oswa kliyan w. Touse oswa estène nan koud ou pou evite pwopaje l.

4. TRANKILITE

Pa panike, w ap vin pi frajil. Ou ka evite pran viris la depi w swiv konsiy yo. Aktyèlman nan peyi Itali ak Etazini, se neglijans, swa leta swa moun yo  ki fè anpil nan yo kontamine. Lachin, nan vil Wuhan se te inosans ak inyorans. An Ayiti se ka banalizasyon, neglijans ak reziyasyon. Ret trankil pandan w ap aplike konsiy yo. Pa kouri kwè yon nouvèl ni pataje l san w pa sèten li verite. Si eta lespri w pa anfòm, ou pè twòp, sa ka fasilte w pran viris la.

5. LAFWA

Si Etazini ki se grand pwisans, prezidan li mande pou tout moun lapriyè, sa vle di konba a pa fasil. Kanta pou nou se tèt chaje. Men nou konnen Bondye la, li gen konpasyon pou tout moun ki nan detrès. Pandan n ap aplike konsiy yo, annou lapriyè pou n mande l evite nou pimal paske n pa ka pran frap pandemi sa. Nou pa dwe neglije anyen: lapriyè, lave men, evite foul, bwè dlo tanzantan, tout nèt bon.

Ak 5 atitid sa yo, nou ka sove peyi nou devan danje ki menase fanmi nou, patriyòt nou ak ekonomi nou.

Se pou Bondye beni e pwoteje Ayiti!

Jérôme Dorsonne Emerson
19 mas 2020

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...