jeudi 25 juin 2020

Èske fèt nan yon fanmi kretyen asire sali mwen?




Sijè (4)

Èske fèt nan yon fanmi kretyen asire sali mwen? 

ENTWODIKSYON 

Ou poko tande timoun, jèn oswa granmoun k ap di w yo leve nan yon fanmi kretyen? Gen ki konn di yo fèt nan levanjil oswa legliz. Kòmkwa, sa se yon prèv yo sove oswa yo gen plis privilèj pase timoun ki fèt nan plasay oswa nan vyòl. Èske se vre? Èske w te fèt nan yon fanmi kretyen? Èske sa vle di w tou sove gras ak lapriyè paran w? 

Pou n reponn kesyon sa yo, nou pral develope pwen sa yo: 

1. Definisyon yon fanmi kretyen
2. Sans fèt nan fanmi kretyen oswa nan levanjil genyen
3. Kèk karakteristik sove 
4. Konklizyon 

Annou wè!

DEVLOPMAN 

1. Definisyon yon fanmi kretyen

Daprè yon atik ki pibliye sou Gotquestion.org (https://www.gotquestions.org/Francais/famille-chretienne.html), premye karakteristik yon fanmi kretyen se lè tout manm ki ladan (manman, papa ak pitit) se kretyen e yo gen yon veritab relasyon ak Kris ki se Sovè e Mèt yo. Depi la, nou ka tou wè pa gen fanmi kretyen san maryaj. Pou fini, si w fèt oswa ap viv nan yon fanmi kretyen, gen de (2) siy k ap montre sa: ou obeyi paran w e ou onore yo. Ou pa bezwen plis agiman pou w konnen si w ap viv oswa te fèt ladan. Pou plis detay, klike sou lyen an.

2. Sans fèt nan fanmi kretyen oswa nan levanjil genyen

Daprè lide maryaj la ki karakterize yon fanmi kretyen, ou fèt ladan si se te nan maryaj. Gwosès avan maryaj la diskitab, men anjeneral, si manman w ak papa w te kretyen, ou fèt nan yon fanmi kretyen. Toutfwa, ou pa kretyen pou sa. Ou se pitit kretyen menm jan kreyati Bondye pa vle di pitit Bondye. 

ATANSYON!!! 

1. Se yon erè lè w di w fèt nan levanjil. Menm Jezi pa t fèt nan levanjil, alewè apot yo. Jezi se levanjil la menm. 

2. Ou fèt nan legliz si manman w akouche w nan kay kote asanble a, men legliz pa matènite ni lopital. Pèsonn pa ka fèt ladan. 

3. Kèk karakteristik sove 

Sove se youn pami sijè ki kreye plis diskisyon nan legliz oswa nan deba sitou nan koze SSN nan (SOVE SOVE NÈT). Sepandan, parapò ak lafwa ou bezwen pou w sove, manman w ak papa w pa ka sove w paske sove pa yon eritaj fanmi, se gras Bondye nan Jezikri sèlman. Li pasaj sa yo pou plis detay : Jan 1.11-13, 3.16, Efezyen 2.8-9, Tit 3.15. Men kèk karakteristik sove: diven (li soti nan Bondye e depann de li), gratis (ou pa peye pou sa), etènèl (ou sove nèt), pratik (lavi w ap montre sa), envizib (se pa je ki wè sa), pèsonèl (se ou ki pou chwazi sove). 

4. Konklizyon 

Pou n fini, n ap reponn twa (3) kesyon nou te poze nan ENTWODIKSYON an sou lobedyans sijè a: 

Èske fèt nan yon fanmi kretyen asire sali mwen? 

1. Èske se vre? 

Non. Se pa vre, paske sove pa familyal. Kidonk, nan okenn ka, papa w ak manman w te mèt adwat Jezi, yo pa ka sove w. Konpòtman yo, jan yo trete w, egzanp yo ye pou ou, fason yo te edike w daprè Pwovèb 22.6 la ka enfliyanse w, sa Alfred Kuen rele "preevanjelizasyon" men lapriyè yo oswa fidelite yo pa ka ba w lavi ki p ap janm fini an. Si w gen dout, etidye Jan 1.11-13. 

2. Èske w te fèt nan yon fanmi kretyen? 

Ou gen tout agiman posib pou w reponn koulye a.

3. Èske sa vle di w tou sove gras ak lapriyè paran w? 

Non. Si w te kwè sa, chanje lide rapid. Fidelite paran w pa kouvèti pou w viv nan peche, nan libètinay epi kou twonpèt la sonnen w ap monte. Koze sove a t ap yon veritab konfyolo ant paran w ak Bondye. Leve de men w anlè pou w bay Bondye glwa paske li pa t konsa, li pa konsa e l p ap janm konsa. Amèn!

APÈL!

Ou menm ki se pitit yon manman oswa yon papa kretyen, Jezikri ap rele w. Pa konte sou lapriyè yo paske yo pa ka sove w. Ou ka jwi anpil privilèj, tankou bous etid, anplwa, aksè nan tout byen legliz la gras ak papa w. Se nòmal, afè papa w se afè pa w men zafè sove a se zafè Kris la. Repanti. 

JDE
Pou plis mesaj, renmen paj JDE a http://www.facebook.com/101330594943964?referrer=whatsapp

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...