mardi 25 décembre 2018

16 prensip pou w pa janm bliye nan efò w ap fè



1. Li pi fasil pou kritike sa w fè pase pou yon moun fè pou yo kritike l. Pa dekouraje panse e repanse.

2. Moun k ap kritike w la pa meyè pase w. Si l te meyè, li tap konnen se etap pa etap, pwogrè fèt.

3. Moun k ap ri w jodi a ap kontinye ri w si objektif ou a se te pou fè l ri. Men si se te pou w rive, yon jou se li k ap vin ba w respè.

4. Reve gran, kòmanse piti. Se brik pa brik yo poze pou fè yon tou. Anpil gwo antrepriz te kòmanse nan bak.

5. Mason, mekanisyen, atis pent, kiltivatè souvan sal lè y ap travay men lajan yo fè toujou pwòp. Pa gad metye sou aparans, se sa w ap benefisye a ki konte.

6. Si w vle aprann pale yon lang tout bon, pa wont ni pè fè erè. Chak yo korije w, kenbe koreksyon an, men pa fache paske kòlè se bon zanmi dekourajman.

7. Nan kòmansman, y ap ri w. Lè yo wè w detèmine, y ap di w fou. Kou yo wè w ap reyisi vre, y ap di w nan dyab, lajan sal e nan ti mès. Pinga w pè reyisi akoz moun ki te swete w echwe.

8. Travay, fè devwa w lekòl e etidye. Pa kite lwazi fè w anrichi moun k ap viv sou do echèk ou.

9. Pa bay anpil tan w ak zanmi parese si se pa lè w ap fè travay.

10. Ou pa pèdi tan nan sa w renmen. Ou envesti tan ladan.

11. Reflechi byen: yon sachè dlo vann 2 goud edmi. Si yon moun fè w kado 5 goud,  w ap di l pa respekte w alòske siksè propriyetè izin dlo yo chita sou 2 goud edmi an. Sa w panse?

12. Kous moto taksi koute 15 goud konsa men moto a vann plis pase 14 mil dola, men ane nòmal la gen 365 jou. Mande yon chofè taksi moto kòman l viv, kisa l reyalize.

13. Pa travay pou w rich yon sèl kou ni yon sèl jou paske jan lajan vini an, li ka ale konsa.

14. Fè moun renmen w pou sa w ye e pou sa w ap fè e non pou sa w posede. Paske lè tout sa w posede ale, se ou ak kapasite w k ap rete, men w ap leve paske sa ki esansyèl yo toujou egziste.

15. Yo te pase envantè avyon an nan betiz men jodi a se pa moun fou k ap vwayaje ladan. Gen anpil moun fou k ap panse pou moun tèt drèt.

16. Si jounen travay ou ba w 200 goud, pa rayi yon lòt ki jwenn 1000 goud. Nou pa gen menm egzijans e nou pa nan konkirans.

...

JDE

lundi 24 décembre 2018

13 sekrè pou w konnen sou relasyon ak fi si w deside fè yon renmen serye

1. Se pa paske yon fi souri ba ou ki fè l renmen w pou menaj li.

2. Se pa paske yon fi renmen anbrase w ki fè l renmen w pou menaj li.

3. Se pa paske yon fi fache paske l pa wè w ki fè l renmen w pou menaj li.

4. Se pa paske yon fi fè jalouzi poutèt zanmi w ki fè l renmen w pou menaj li.

5. Se pa paske yon fi renmen kole sou ou ki fè l renmen w pou menaj li.

6. Se pa paske yon fi sansib pou nesesite w ki fè l renmen w pou menaj li.

7. Se pa paske yon fi ekri w "boo, cheri, kòkòt, bebe, amour..."ki fè l renmen w pou menaj li.

8. Se pa paske yon fi prezante w paran l ki fè l renmen w pou menaj li.

9. Se pa paske yon fi kite w antre nan chanm li ki fè l renmen w pou menaj li.

10. Se pa paske yon fi nan lapèn ki fè l renmen w pou menaj li.

11. Se pa paske yon fi ba w kado ki fè l renmen w pou menaj li.

12. Se pa paske yon fi pa dakò yon chwa ou fè ki fè l renmen w pou menaj li.

13. Se pa paske m pa di w sa w konnen an ki fè yon fi renmen w pou menaj li.

Renmen se yon angajman de moun pran pou yo viv, pataje, fè pwojè, sèvi Bondye ansanm pou yon maryaj e yon fwaye modèl.

Si w renmen yon fi, pa entèprete sa l fè ak sa l di w pou w pa di l sa k nan kè w paske w ka anreta.

JDE

10 prensip pou w demare 2019 la


1. Si w te deyò antre nan Kris. Si w te anndan, antre pi fon.

2. Pandan w lekòl, pwofite aprann yon metye. Si w fini, al nan inivèsite. Si w pa kapab, fè tèt ou travay pou w jwenn yon amizman pandan w ap tann opòtinite.

3. Pa janm chache ranvèse moun pou w pran plas, paske nati a ap jije w bonè ou pita.

4. Pa goumen pou yon koz ou pa prè pou w mouri pou li.

5. Si w koupab, mande padon san eskiz. Si w inosan, pa vanje ni swete malè moun ki koupab la.

6. Pa marye si w pa santi w prè, paske pwoblèm 5 goud nan seliba se pwoblèm 5 mil goud nan maryaj.

7. Gen bagay ou pa ka anpeche rive, pa tiye tèt ou pou sa ki fin pase. Pran leson an, evite fè erè a ankò.

8. Lè w gen 10 mil agiman pou w defann yon kòz, ou ka lakoz 10 mil rezon pou yo kondane w. Fè silans.

9. Rezon pran tan pou bay bon konprann men foli toujou bezwen genyen sou plas.

10. Tout moun gen dwa pou panse men w pa gen dwa panse ou pa bon pou sa tout moun panse de ou.

JDE

Yon grenn fè nwa, yon ti limyè

Nan mond w ap viv la, sou ban lekòl lavi a, se chak moman konsa w ap remake kèk ti grenn fè nwa ap disparèt.

Chak fwa yon grenn fè nwa disparèt, yon ti limyè parèt.

Chak fwa yon ti limyè parèt, yon grenn mistè ap pèdi sekrè l.

Anpil fwa, ou te pase pou koupab, se yon ti grenn fè nwa ki te bouche pòt konsyans.

Anpil fwa ou te gen rezon, se yon ti limyè bon sans ou te manke.

Men, nenpòt kantite fè nwa ki ta disparèt oswa limyè ki ta parèt, ou pa dwe janm bliye sous limyè a soti nan renmen.

Kidonk, pa janm sispann renmen menmsi w ta nan fè nwa, paske nou bezwen limyè pou n ka viv ansanm.

Gen viv ansanm nan fè nwa, se yon gwoup ki chwazi pwofite avantaj linyorans bay.

Gen viv ansanm nan limyè, se yon gwoup ki chwazi soufri anba enlonsyans fè nwa.

JDE

Konbyen moun?


Konbyen moun kap PALE men ki pa janm bay MANTI?

Konbyen moun ki renmen AYITI men ki pa vle kite ETAZINI?

Konbyen moun ki toujou ap monte MACHIN men ki pa janm konn KONDWI?

Konbyen jèn ki gen TALAN men ki pa gen AVNI?

Konbyen kandida ki toujou al nan ELEKSYON men ki pa janm ELI?

Konbyen moun ki al mande VIZA men ki toujou pran REFI?

konbyen moun ki pral LEGLIZ men ki pa janm KONVÈTI?

Konbyen moun ki toujou ap KRITIKE men ki pa janm PWODWI?

Konbyen moun kap DETWI men ki pa janm KONSTWI?

Konbyen moun kap LIKE men ki pa janm fè LEKTI?

JDE

10 bagay ou pa dwe janm bliye nan lavi


1. Siksè w pa gen valè pou moun ki swete echèk ou. Pa atann bravo tout moun.

2. Renmen nan fiyansay pa menm ak renmen nan maryaj. Toujou fè efò pou bay plis de ou chak jou.

3. Menmsi w ta gen tout richès sou latè,  w ap mouri. Pa rate syèl ou pou byen materyèl.

4. Lè sa bon, ou bon pou tout zanmi. Pa bliye zanmi ki te toujou la avèk ou lè sa pat bon an.

5. Menmsi manman w ta fè w mal ensipòtab e inoubliyab, anyen pa ka pi fò pase mete w sou tè sa. Pa kondane manman w pou anyen ni pèsonn.

6. Ou ka jwenn yon gason oswa yon fanm ki renmen w anpil, men li pap janm renmen w plis pase Bondye. Pa kite renmen fè w kite legliz ni fè w pèdi syèl ou.

7. Gen zanmi ki la pou ba w sèlman lajan lè w nan pwoblèm men si w anba pèsekisyon, se bon kout lapriyè, vèydenwi ak jèn k ap sove w. Pa imilye moun ni inyore zanmi ki pa gen kichòy.

8. Elèv ou jodi ka vin pwofesè w demen. Pa wont chita devan moun ou te fòme.

9. Moun ki malelve pap wont fè w malonèt nan gran piblik. Meyè fason pou w reyaji se pa reponn menmsi l ap bay manti sou ou.

10. Li pa janm twò ta pou w mande padon, sitou lè yon mal ou fè ap kale konsyans ou. Grandè w chita nan kapasite w genyen pou w konn lè w fè byen e mal.

11. Yon moun ki toujou panse l gen rezon pap aprann anyen nan lavi. Pa chache agiman lè w konnen w koupab.

12. Nan chache gen anpil metye, gen moun ki pa gen tan pou viv lajan yo fè. Pawòl la di: Fè sa w renmen, renmen fè sa w fè.

JDE

Yon tan



Gen yon tan nan lavi, ou bezwen lajan
Nan yon lòt, ou bezwen moun

Gen yon tan nan lavi, ou bezwen kouri
Nan yon lòt, ou bezwen poze

Gen yon tan nan lavi, ou bezwen fè siksè
Nan yon lòt, ou bezwen ede lòt reyisi

Gen yon tan nan lavi, ou bezwen renmen
Nan yon lòt, ou bezwen marye

Gen yon tan nan lavi, ou bezwen vwayaje
Nan yon lòt, ou bezwen viv e mouri nan peyi w

Gen yon tan nan lavi, ou bezwen pran plezi
Nan yon lòt, ou bezwen ret serye

Gen yon tan nan lavi, ou bezwen chache
Nan yon lòt, y ap bezwen chache w

Gen yon tan nan lavi, ou bezwen reflechi
Nan yon lòt, ou bezwen aji

Gen yon tan nan lavi, ou bezwen yo aplodi w
Nan yon lòt, ou bezwen konn valè w

Gen yon tan nan lavi, ou bezwen popilarite
Nan yon lòt, ou bezwen respè ak diyite

Chache konnen sa w bezwen tout bon
Pou w pa chache sa ka p vin anbarase w

Jérôme Dorsonne Emerson (JDE)

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...