vendredi 4 décembre 2015

Evanjelizasyon: OU KA KOMANSE JODI A

Si ou vòlè yon bagay, ou tiye yon moun oubyen ou fè yon mal kèlkonk, lalwa pap kite sa san pini. Moun ou fè tò a gendwa swete malè pou ou. Gen moun ki ènmi ou pou jis y'ale anba tè. Anfen, gen de bagay ou fè nan sosyete a, ou tou pèdi plas ou jiskaske w mouri. Se pa konsa sa ye pou Bondye. Men sa youn nan sèvitè li ki t'ap preche moun pou tounen vin jwenn li te di :

« Bondye fèmen je l sou tout tan sa yo moun pase nan linyorans. Kounyeya li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li.” (Travay 17.30)

Ou ka kòmanse jodi a zanmi mwen si ou santi ou nan nesesite pou'w konvèti paske Bondye ap tann ou depi lontan.  Ou fè twòp lojik. Si Bondye ta chwazi fè lojik avè’w tou, ou ta dwe pa la deja paske se li ki te kreye’w. Li pwoteje’w e siveye’w lè w’ap dòmi. Dat kè’w ap bat, san ap koule nan venn ou, w’ap ekspire, ou mache, ou travay, ou pran kont plezi ou gras ak lasante ou genyen. Atout privilèj sa yo, w’ap viv ou toujou pa vle sèvi li. Imajine si Bondye t’ap fè lojik avè’w…

Sispann bay eskiz, sispann gade sou sa moun ap fè e di, paske jijman Bondye a pa chita sou sa lòt moun di oubyen fè ki mal. Li chita sou misyon Jezikri a ki te vini pou te delivre ou nan esklavaj peche, yon fason pou epanye’w de kondanasyon.

« Se poutèt sa, jan Sentespri te di l la : Si nou tande vwa Bondye jodi a, pa kenbe tèt ak li… » (Ebre 3.7-8b)

Jérôme Dorsonne Emerson
(10 rezon pou yon moun konveti)

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...