mardi 29 décembre 2015

Meditasyon pou jodi a #62: Wi, don mirak yo toujou la

Lide ki ta fè kwè ke gen kèk don ki pa aktif ankò pa kenbe. Si Levanjil pa preche ak pwisans ankò, sa pa vle di ke Levanjil la pa gen pwisans. Annou di pito ke predikatè yo pa jwenn pwisans la, paske « Jezikri se menm moun lan ayè, jodi a ak ou tout tan » (Ebre 13.8).

Nou ka di sa nou panse sou Bondye daprè etid nou fè nan teoloji (paske teoloji se etid lòm fè sou Bondye, se pa etid Bondye sou lòm) men Bondye pa konn doute nan pawòl li.  Li pa mande pèson kont pou aji. Li pa t bay okenn dat ki ta fè kwè ke youn nan don Legliz la resevwa yo ta fini. Sepandan, men sa nou li nan Bib la : « Lespri Bondye te di sa byen klè : nan dènye tan an, gen moun k’ap lage konfyans yo nan Bondye. Yo pral obeyi yon bann lespri k’ap bay manti, yo pral swiv yon bann pawòl ki soti nan move lespri yo. » (1 Timote 4.1)

Siy dènye tan yo pa redwi pwisans Bondye men pito pwisans yon moun ki kwè. Moun sa a pa gen plas pou Bondye nan lavi l ankò, li pa gen tan pou lapriyè, medite pawòl la e evanjelize. Li pa gen imilite nan travay Senyè a. Nou gen yon Legliz kote moun yo vin pou koute ase san fè sa yo koute a. Viv ansanm tankou frè youn ak lòt prèske pa egziste, sof pou kèk zanmi.

Nou kwè nan nou menm, se pa nan Kris. Rezon an se paske nou konte sou kapasite nou ke sou kapasite Bondye. Nou toujou disponib pou etid nou, pou travay e pou zanmi nou, men nou toujou gen yon eskiz pou travay Bondye a. Nou fè pwogrè nan bati kay, nan chanje bagay materyèl. Nou achte rad nèf pou n ka alamòd e yon telefòn entèlijan gen plis valè ke yon Bib pou anpil nan nou.

Se nòmal pou nou deklare ke gen don ki pa ka opere ankò. Wi, li nòmal paske apot yo te la nan misyon yo. Jounen jodi a, nou fyè pou n repete deklarasyon Pòl yo, lè li di: “ Mwen fin mennen batay la byen mennen…” Atout sa, nou refize mennen vi li t’ap mennen an. Bib la di : « Pa bliye moun ki te konn dirije nou yo, moun ki te fè nou konnen pawòl Bondye a. Egzamine jan yo te viv, jan yo te mouri. Pran egzanp sou konfyans yo.” (Ebre 13.7). Pouki nou pa imite konfyans Pyè a: “Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m genyen an, m’ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve mache » (Travay 3.6).

 Wi, don mirak yo toujou la. Wi, don sila yo toujou egziste paske Sentespri a toujou la. Malerezman, nou pa disponib pou li. Nou toujou gen lòt bagay n’ap fè. Pase katrèdtan nan Legliz la se yon kontraryete pou kretyen an. Nouvèl sou yon eskandal, yon rimè ?...tèks yo pa janm twò long. Li fasil pou fè blag, kenbe yo e di yo pou fè moun ri, men li trè difisil pou kenbe yon vèsè.

Sentespri a te bay don yo pou pèp Bondye a te ka byen òganize e pou chak moun te ka fè travay sèvis yo, pou Legliz la grandi nan tout sans nan Kris la nan pale verite (Efezyen 4.11-15 pou li maten an). Eske nou rive fe yon sèl kò nan konfyans nou gen nan Kris la pou n ta sèten ke Sentespri a pa aji jan li vle ? E si nou te fè yon sèl vre, èske n t’ap gen kouraj pou n deklare ke don mirak yo kanpe ?

Se ou ki pou reponn !

Pase yon bon jounen e yon bon tan nan medite Efezyen 4.11_15.

Jérôme Dorsonne Emerson

(Jodi a, mwen menm ak madanm mwen ap selebre 4 lane maryaj nou. Dezyèm pitit nou an byen aprè li te fin opere. Priyè ou pandan yon sèl minit t’ap pi gwo kado nou swete resevwa nan men ou. Tout Glwa se pou Bondye Sèlman !)

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...