dimanche 3 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #67 :Twa prensip pou reziste ak peche sèks

Lè ou reziste se lè ou pa tonbe anba yon bagay ki fè w plezi.  Sou zafè sèks (fè bagay), se lè ou refize dezi seksyèl ou oubyen dezi yon lòt moun oubyen lè ou pa tonbe anba yon bagay ki ka lakoz ou anvi fè sèks. Antanke yon kretyen, mwen ap pwopoze ou twa prensip pou w mete an pratik chak jou pou w ka reziste ak peche sèks.

1. Gen krentif pou Bondye

Nan meditasyon yè a, nou te li 4 tèks ki konsène jijman Bondye (Pwovèb 15.3 ; Ebre 4.13 ; Eklezyas 12.13-14 e Women 2.16). Mwen kwè ke si ou se yon kretyen tout bon vre, w ap pran konsyans de verite ki nan tèks sa yo e w ap evite sibi konsekans yo. Krenn Bondye ka epanye ou de jijman Bondye e li ka bò’w yon kè kontan ke anyen pa ka retire.

2. Pa dakò ak volonte ou

Volonte ou se yon pati nan libète ou ke Bondye ba ou. Gras ak volonte ou, ou ka aji ou byen pa aji daprè sa ou konnen. Yon moun ki pa kwè nan Jezikri ak tout volonte li konnen sa li fè a e li tou prè pou sibi konsekans aksyon li fè a. (Ebre 6.4-6) Menm jan an, si ou aksepte pratike peche sèks malgre ou konnen kisa li ka bay, ou pa bezwen sezi de sa ki ka rive ou pandan w ap viv jodi a oubyen nan vi aprè lanmò a. Se poutèt sa ou dwe kont volonte ou lè ou gen dezi pou fè sèks. Se pa yon peche non si ou gen dezi. Li nòmal. Men, Bondye te mete kondisyon pou w satisfè dezi sa a : se maryaj la.

3. Pa okipe lespri ou ak move lide

Tout sa ki parèt nan lespri w pou fè w anvi fè sèks se yon peche. Gen yon gwo diferans ant anvi fè sèks ak fè sèks. Premye a nòmal, jan mwen te di l nan dezyèm prensip la tandike dezyèm nan se yon peche si ou satisfè li san ou pa marye. Lè ou okipe lespri ou ak move lide konsa, ou vin ap imajine lè w ap fè sèks. Pandan tan sa a, se prepare w ap prepare kò ou pou fè sa tout bon e lè konsa, lespri ou (se pa Sentespri) vin pa anpè. L’ap anpè, lè ou fin satisfè. Lè sa a ou pral santi ou koupab. E nan lè sa a, li ka two ta pou w repanti.

Apot Pòl te di kretyen Galasi yo konsa : « Se poutèt sa, men sa m’ap di nou : Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a. Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k fè nou pa kapab fè sa nou vle. » (5.16-17)

Peche sèks la fè pati zèv lachè. Apot la site mo « imoralite » [fransè : impudicité, débauche] (Galat 5.19). Imoralite a se yon defo yon moun genyen li menm oubyen lè yon bagay fè li pa ka metrize dezi seksyèl li. Pou l fini sou zafè zèv lachè a, apot la raple nou : « Mwen déjà di nou sa, epi m’ap repete l ankò pou nou : moun ki fè tout bagay sa yo p’ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a. » (Galat 5.21).

Ou ka reziste ak peche sèks la si ou vle eritye wayòm Bondye a. Sa pa vle di ke peche seksyèl la ka [desove] ou, men li se yon prèv ke ou pako sove si ou toujou ap pratike li paske men sa ki ekri nan Bib la : « Si yon moun se pitit Bondye li ye, li p’ap kontinye fè peche, paske pouvwa lavi ki soti nan Bondye a ap travay nan li. Se se Bondye ki papa l, li pa kapab ap fè peche toujou » (1 Jan 3.9)

Pase yon bon dimanch.

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...