lundi 4 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #68: Pwofite tan ki rete a


[Byeneme, tèks sa a se katriyèm meditasyon nou sou jijman Bondye nan ane tou nèf sa a. Mwen priyew gen volonte pou li yo san w pa plenyen paske yo twò long. Li avek lespri bon konprann. Gade si vèsè yo kòrèk. Pataje meditasyon yo ak zanmi w sou whatsapp. Mwen ba ou dwa pibliye yo sou sit ou ak sou Facebook men fòk ou pa pot pyes chanjman nan teks la ni pa chanje non moun ki ekri li a. Mèsi]

Jezi te konnen Jida ta pral trayi li paske Jezi te ka li nan panse li yo. Lè trayizyon an te fin fèt, sa pa t etone Jezi. Se te yon pwofesi ki te akonpli.

Annou li tèks sa a:
"Lè solèy fin kouche, Jezi chita bò tab la ak douz disip li yo. Antan yo t'ap manje, Jezi di yo: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen. Sa te fè disip yo lapenn anpil. Yonn apre lòt yo pran mande li: -Eske se mwen menm, Mèt? Li reponn yo: - Mpun ki tranpe pen l ansanm avè m nan plat la, se li menm ki pral trayi mwen."(Matye 26.20-23)

Pèsonn pa konnen sa w ap panse ni aksyon w ap fè ankachèt. Men Bondye konnen e yon jou l'ap demaske w. Nan youn nan prèch li yo, pastè Marcello Tunasi di:" Lè tout moun va konnen kiyès ou ye tout bon, sa ap etone lemond men sa p ap etone Bondye paske se li ki gen kontwòl tan ak sikonstans yo...Tan an pa fè wè move bagay sèlman, li fè wè bon bagay tou. Se pa paske w pa wè anyen (pèsonn) pou w panse pèsonn pa wè w."

Si w se yon vrè kretyen, tan an gen pou fè konnen sa. E si ou se yon fo tou, l'ap fè konnen sa. Moun ou ye a, ou pa ka kache l pou anpil tan. Yon jou, san w pa p menm rann ou kont, y ap wè kilès ou ye.

M ap di w sa byen, gen anpil moun k ap tann yo denonse w. Enmi w yo ap tann movèz nouvèl de ou. Sou rezo sosyal yo, gen moun san pitye ki la k ap siveye lè eskandal la pete pou yo fè tout moun konnen nan yon ti kal tan.  Pèsonn pap ka defann ou, si ou kite tan an denonse w. Men ou mèt kontan paske se pa sa Bondye vle. Non, si Bondye te vle pou tout moun konnen sa w ap fè ankachèt, li t'ap di sèvitè fidèl li yo sa.

David te panse Bondye pat wè l. Pèp la pat konn anyen nan sa ki tap pase ant li menm ak Batcheba men Bondye te konnen e li te revele sa ak sèvitè li Natan, pwofèt la. Tande vwa Bondye k ap pale avè w koulye a nan pawòl sa yo:" Si nou tande vwa Bondye jodi a, pa kenbe tèt ak li"(Ebre 3.7-8)

Avan ke tan an di kilès ou ye vre, repanti paske si ou mouri nan peche w yo, p ap gen espwa pou ou nan jou jijman an. Filozòf la poze tèt li kesyon :"Men, pa twò mechan ni pa twò sòt. Poukisa pou ou ta mouri anvan lè ou?"(Eklezyas 7.17)

Ou gen tan jodi a pou w kite peche w yo, e tounen vin jwenn Bondye ki ka padone tan ou te pase nan inyorans yo (Travay 17.30). Nou di souvan ke si nap viv se gras Bondye paske pou peche n fè, nou te dwe mouri deja. Se vre men gras Bondye pa jijman Bondye. Apot Pol di:"Si nou te egzamine tèt nou avan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a. Men, Senyè a jije nou, li pini nou konsa pou li sa pa kondane nou ansanm ak moun ki nan lemond yo."(1 Korent 11.31-32)

Bondye k ap pwoteje w la se menm Bondye k ap jijew la. Si ou pa jwenn pinisyon Bondye pou peche w ap fè, gen de ka posib. Swa ou pa pitit Bondye tout bon vre (Ebre 12.6) oubyen jijman w lan nan wout (2 Pyè 3.9) Bondye pa mete yon dat nan almanak la pou fè jijman li. Li se Bondye tout tan yo. Pwofite tan ki rete a pou w ranje koze w ak Bondye paske lanmò ak retou Jezikri se 2 evenman ki p ap bò w tan pou w repanti.

Pase yon bon lendi nan gras Bondye.

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...