lundi 11 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #75 : Eske ou prè pou w marye?


Maryaj se lè yo mete yon gason ak yon fanm ansanm nan fason legal pou yo fè yon fwaye. Se yon angajman ki dwe dire pandan tout vi a. Se sèl lanmò ki ta dwe kraze angajman sa (1 Korent 7.39). Malerezman, adiltè, divòs ak remaryaj opoze ak sa.

Pou evite twa pwoblèm sa yo, ou bezwen genyen twa bagay sa yo : pasyans, asirans ke chwa a nan volonte Bondye epi responsablite. Poukisa ? Paske lavi nan fwaye a se yon konba. Nou dwe batay pou jouk nou mouri. Se pa paske ou kretyen pou w konnen w ap sove anba pwoblèm ki gen nan maryaj (1 Korent 7.28). Se poutèt sa li enpòtan pou w reflechi avan ou pran yon desizyon konsa. Kit kretyen kit pa kretyen, tout moun dakò sou sa.

Nan repons ke li tap bay sou kesyon maryaj, apot Pòl te bay konsèy sa a : « Men sa m ap di moun ki pa marye yo ansanm ak vèv yo. Li ta pi bon pou yo rete tankou m, pou kont yo. Men, si nou pa ka kontwole kò nou, marye marye nou. Pito nou marye pase pou n kite lanvi boule nou. » (1 Korent 7.8-9)

Ak repons sa a, yon moun pa ka di ke relasyon seksyèl (sou tout fòm) posib avan maryaj. Dayè, Bondye ki te mete maryaj la se menm Bondye ki vle pou nou bon nèt (sanktifye) nan sa n ap fè. (1 Pyè 1.15-16) Kò nou se Tanp Sentespri a(1 Korent 6.18-20). Kò nou se pou moun nou renmen an aprè maryaj la, se pa avan (1 Korent 7.4).

Kidonk, si ou konnen li pa bon pou w kouri marye pou maryaj la pa kraze aprè, konnen tou li pa bon pou w souye kò ou pou w pa atire jijman Bondye. Si ou poko prè pou w marye, ou poko prè tou pou w antre nan relasyon seksyèl.

Pase yon bon jounen !

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...