mardi 12 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #76 : 12 janvye 2010 : Bondye te la !


12 janvye 2010, jou sa a, chak moun t ap regle aktivite yo. Pat gen moun ki te atann ak yon gwo tonton katastwòf konsa. Se te yon jou tankou tout jou yo : ayè, jodi a e demen. Solèy la te deja kouche. Nan lari yo, machann yo te chita san kè sote. Nan anpil kay, timoun yo te chita devan televizyon pou gade dènye epizòd fèyton yo te pi renmen yo. Malè a nan wout.

Nan machin yo, chofè pat fè lòt bagay ke panse ak tikonfò yo pandan yo t ap pase bò poto limyè ak bò yon bann kay ki mal konstwi. Anndan kay sa yo ki te tankou kav kote moun rete, te gen timoun, elèv lekòl, etidyan, granmoun, avoka, doktè, moun andikape, nouris, pwofesè ki tap prepare kou yo, pastè, politisyen, angwo, se te frè ak sè nou ki t’ap viv ladan yo. Malè a rive.

4è 53 minit. Tout moun t’ap kouri pasi pala. Gen sa ki t’ap kouri sove po yo devan lanmò tandike gen lòt ki tap vin rankontre lanmò. Ni moun ki bon ni moun ki pa bon te pase nan kalamite sa a. Hollywood te rate yon pati nan fim nan ki te dire 33 segonn. Plis pase 230 mil  mò, 1,2 milyon moun san kote pou rete. Yon souvni ki bay latwoublay ! Nou p ap janm bliye jou sa a ! Men ki kote Bondye te ye ? Poukisa li te kite masak natirèl sa a fèt ?

Bondye te la ! Lè pitit li yo te nan esklavaj nan peyi Lejip. Lè sòlda yo tap kloure Jezi sou kwa a. Lè yo t ap kalonnen Etyèn ak kout wòch. Lè wa Ewod te fè yo tiye Jak ak kout nepe. Nan premye ak dezyèm gè mondyal la, Bondye te la. E li toujou la! W ap chache li? Li kanpe devan pòt kè ou epi l ap di : « Mwen vle sove ou »

Zanmi mwen, ou menm avèk mwen ka mouri sou tè sa a. Lanmò se konsekans peche nou yo men Jezi te pase anba lanmò pou li te ka epanye nou de dezyèm lanmò a. Sis lane aprè, vant mòde a la pi rèd men talè konsa l ap disparèt : « Li gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P’ap gen lanmò ankò, yo p’ap nan lapenn ankò, yo p’ap janm plenyen ankò, yo p’ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt. » (Revelasyon 21.4). Sa se pwomès Bondye nou t ap priye 12 janvye 2010 la.

Ke li konsole ou !
Ann selebre lavi !

Jérôme Dorsonne Emerson

Renmen paj la sou Facebook
https://m.facebook.com/jeromedorsonnemerson/

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...