mardi 19 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #83 : Egzamine lafwa ou !

Meditasyon pou jodi a #83 :
Egzamine lafwa ou !

Ou grandi. Se pa bebe manman w t ap bay lèt la ankò. Se pa timoun yo te konn ap montre ki wout pou li fè a. Pawòl ou yo. Reyaksyon ou yo. Repons ou yo. Kesyon ou yo. Tout bagay chanje. Ou se yon vrè gason, yon vrè fanm. Relasyon ou ak moun ap ogmante. W ap fè lòt rankont nan lekòl, nan inivèsite e nan travay. W ap dekouvri anpil bagay toutotan ane yo ap pase. Se pa moun sa a yo te konn imilye nan vwazinaj la.

W ap li mesaj sa a paske ou gen yon telefòn tòtch oubyen yon laptòp. Petèt se twazyèm nan oubyen katriyèm nan. Si ou fè yon ti panse yon moman, w ap di ke lontan sa te difisil. Bagay yo chanje pou ou. Petèt ou konn kondi machin, moto, avyon oubyen bato. Ou vwayaje e ou wè anpil bèl bagay.

Ki laj ou genyen ? Sa a se yon kesyon ki dwòl men pa di m ou pa wè ke jou yo ap pase vit e ou pase plizyè etap nan lavi a. Zanmi ou ap felisite w. Paran ou yo fyè de ou e peyi a ka konte sou yon patriyòt ki gen valè : doktè, avoka, enjenyè, agwonòm, nòmalyen…

Eske lafwa ou grandi ? Ki nivo konesans ou nan pawòl Bondye a ? (Ebre 5.12-14). Ki lòt som ou konnen apre sòm 23 a ke anpil moun konnen ? Eske ou toujou ap poze kesyon ki gen repons ke tout moun konnen yo ?Konbyen chapit ki genyen nan dènye liv nan Ansyen Kontra a ?

Eske ou menm jan ak yon seri de kretyen k’ap di : « Mwen pa gen tan pou m evanjelize. Mwen twò okipe nan travay la ». Sa t ap etone w pa vre ? Men ou kwè ke Bondye toujou la pou pwoteje w. Zanj li kanpe bò kote ou. Wi, li toujou la pou ou, men ou menm, ou toujou ap travay. Ou toujou fatige. E ou gen lafwa ? Yon asirans ki p’ap brannen (Ebre 11.1) ; san li ou pa ka sove (Efezyen 2.8) ; li soti nan koute levanjil la (Women 10.17).

Mwen kwè ke ou ta dwe egzamine lafwa ou jodi a avan li two ta.

Fè yon bon egzamen !

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...