samedi 23 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #87 : Lè yon nesesite vin yon antrav


« Padone tout sa nou fè ki mal, menm jan nou padone moun ki fè nou mal ». Nou di sa chak fwa n ap resite modèl priyè ke tout moun konnen an ke Jezi Sovè nou an te kite pou n te ka evite ipokrizi (Matye 6.9-13). Nou konnen mo yo nan bat pa kè, men nou bliye sans yo nan lavi pratik la.

Nan ansèyman li yo, Jezi t ap fòme karaktè disip li yo parapò ak volonte Bondye. Padon an, nan sans sa a, se pa rezilta volonte lòm daprè jijman li fè, men se volonte Bondye daprè lanmou li ak mizèrikòd li. Si mwen jije w daprè sa m panse avan mwen padone ou, padon mwen an pa sensè e tout moun ap wè l paske yon jou m gen pou m repwoche w ankò pou sa w te fè ki pat bon an.

Padon an nesesè pou jwenn delivrans Bondye. Apot Pòl di : « li te delivre nou. Li pa t delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. » (Tit 3.5) Nou tout fè peche devan Bondye (Women 3.23) e nou te dwe mouri nèt pou n peye konsekans peche sa yo(Women 6.23). Nan mizèrikòd li, Bondye wè kòman sa pral ye pou nou nan letan dife a (Revelasyon 20.12-15), e li vle epanye nou de sa. Men poukisa li te voye Jezi nan lemond (Jan 3.16).

Se vre ke delivrans la pèsonèl men se vre tou ke lè nou refize padone yon moun, sa ka fè n pa sove. Jezi di : « Si nou padone moun lè yo fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la va padone nou. Men, si nou pa padone moun lè yo fè nou mal, Papa nou p’ap padone peche nou yo nonplis » (Matye 6.14-15).

Si Bondye padone nou paske li renmen nou, nou menm tou, nou dwe padone lòt yo si nou renmen yo. Apot Jan di : « Si yon moun di : mwen renmen Bondye, pou anmenmtan pou l rayi frè l, moun sa a ap bay manti. Paske, si li pa renmen frè l, yon moun li ka wè, li pa ka renmen Bondye li pa ka wè. Se sa k fè, men kòmandman Kris la ban nou : Moun ki renmen Bondye, yo fèt pou renmen frè yo tou. » (1 Jan 4.20-21).

Eske w ap rate delivrans ou akoz ou pa vle padone frè ou ? Si lapriyè a dwe toujou fèt, padon an dwe konsa tou paske yo tout nan Bib la (1 Tesalonisyen 5.17 ; Matye 18.21-22).

Pase yon bon jounen !

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...