mardi 26 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #90 : Entènèt ak levanjil


Jezi ak apot yo pa t konn sèvi ak diksyonè. Yo pa t gen Bib nan men yo men yo te preche avek pwisans. Yo pa’t gen aksè ak entènèt tou. Dayè, entènèt, ki soti nan peyi Etazini, te aksesib pou tout moun nan ane 1991 yo gras ak Tim Berners-Lee ki te envante « web » la. Evolisyon sa a gen 25 lane e gen plis pase 2000 lane depi Jezi te vini sou latè. Erezman, Sentespri te revele apot yo tout sa yo te dwe di.

Jounen jodi a, sou entènèt, nou ka li bib la, etidye li e evanjelize. Men pinga nou janm bliye ke levanjil se yon revelasyon. Bondye te revele mistè sa a bay apot Pòl, apot nou antanke moun lòt nasyon yo. Apot Pòl di nan youn nan lèt li yo : « Bondye devwale m sekrè travay li a, pou m te ka konnen plan li te gen sere nan kè li. Se sou plan sa a mwen deja ekri nou kèk mo pi wo a. » (Efezyen 3.3).

Nou ka gen konesans nan levanjil pa plizyè mwayen : tande, li Bib la e jwenn yon revelasyon dirèk. Nan faz sa a, entènèt la se yon mwayen pou n konnen levanjil. Sepandan, menm jan te gen fo pwofèt nan premye syèk legliz la e jiska jounen jodi a, genyen sou entènèt tou. E mwen panse ke travay la vin pi fasil pou anseyan sa yo ki gen misyon pou detounen verite a pou yo ka mennen plizyè milyon moun nan lanfè.

Sou rezo sosyo yo, sa konn rive souvan ou wè yon seri de imaj ki reprezante Jezi, Bondye, Satan ak zanj yo. San ezite, ou renmen yo, kòmante anba yo epi pataje yo. Li posib pou w konn li “istwa vrè yo”, yon seri de mesaj ki pa gen non moun ki ekri yo a k’ap di w pou w pataje yo  pou w ka beni oubyen modi si ou pa fè sa. Pafwa, fò w ta di Jezi ak Bondye gen yon kont tou paske moun yo ap pale ak li dirèkteman alòske sa y ap pibliye yo se pou zanmi yo wè. Sa dwòl e li reyèl an menm tan.

Zanmi mwen, si ou vle konnen vrè levanjil k ap sove a, pinga ou chache li sèlman sou entènèt ak sou rezo sosyo yo. Li toujou enpòtan pou w sonde sa lòt moun ap pataje avan menm ou kwè ladan yo ak pataje yo, paske san ou pa rann ou kont, w ap patisipe nan travay fo pwofèt ak fo doktè yo. Avni yo se nan dife ki p ap janm etèn nan. Ou avèti!

Pase yon bon jounen!

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...