mercredi 27 janvier 2016
Meditasyon pou jodi a #91 : Lavi Jezi nan lanmò lòm
Lè w koupab, sa ka koute lanmò w menm jan lè w inosan.
Lanmò pa ni jij ni avoka.
Di verite ka fè w mouri menm jan ak bay manti.
Lanmò toujou gen rezon pou l aji.
Yon maladi ka tiye w menm jan ak yon medikaman.
Lanmò pa ni doktè ni famasyen.
Ka manje ka tiye w menm jan ak pa ka manje.
Se kò ou ki se manje pou lanmò.
Ou se yon timoun, yon jèn, yon granmoun ?
Depi w fèt, ou ka mouri.
Richès ou ka tiye w menm jan ak malsite w.
Lanmò pa konn ni bwè, ni manje ni abiye.
Ke w bèl ou lèd, ou gen souf.
Se sa ki atire lanmò sou ou.
Metriz ou devan yon danje ka lakoz lanmò w menm jan ak lè w pè.
Lanmò pa gen doulè.
Tèt di ka tiye w menm jan ak lafwa ou.
Lanmò pa ni yon doktrin ni yon relijyon.
Jezi pa pwomèt pou l epanye ou de lanmò fizik, men de lanfè ki se lanmò etènèl la (Revelasyon 20.15). Kennenpòt sa w fè, w ap mouri yon jou paske ou se yon pechpecheè (Women 3.23) men si ou kwè nan Jezikri, w ap viv aprè lanmò.
Jezi te di : « Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri” (Jan 11.25)
Pase yon bon jounen !
Jérôme Dorsonne Emerson
S'abonner à :
Publier des commentaires (Atom)
On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu
1 Samuel 2.22-26 22 Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...

-
Comme nous l'avons défini, l’hypocrisie est un caractère de fausseté. Cependant, savoir ce qu'elle est ne suffit pas pour ne pas l...
-
Meditation du jour, No 239 Jeudi 23 juin 2016 Comprenez-vous vraiment le sens de l’expression “le salut est personnel”? Une chose est p...
-
| EDIKASYON SEKSYÈL Pou n kòmanse, ann raple nou renmen se yon santiman dwòl. Pi souvan, ou wè l parèt san w pa konn kote l soti. Pafwa...
Aucun commentaire:
Publier un commentaire