jeudi 28 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #92 : Gwo konsekans ti peche yo


Pou Èv, sa te pi fasil pou l obeyi ak vwa koulèv la ke vwa Bondye. Mari li, pòv malere Adan, te dezobeyi san ezite. Eske se te yon ti peche ? Wi, antouka pou yo, men jiskaprezan n’ap peye konsekans yo (Jenèz 3).

Ezaou te pèdi dwa li kòm premye pitit akoz pen ak ti gout nan yon bouyon (Jenèz 25.29-34). Sayil, premye wa nan peyi Izrayèl, te pèdi favè li devan Bondye poutèt li te sove Agag, wa Amalèk la, tandike li te dwe touye tout moun yo anba nepe (1 Samyèl 15.1-3;8).

Kilès ki tap konseye wa David, dezyèm wa peyi Izrayèl, pou l kouche ak Batcheba? Pèsonn. Men li te fè l, Bondye genlè pa tap konnen. Poutan, peche sa a te rele malè nan wayòm li an (2 Samyèl 12.1-11).

Salomon, twazyèm wa peyi Izrayèl, yon nonm ke Bondye te renmen, te gen mil fanm. Li te ka kouche ak yon fanm chak jou pandan 2 lane ak 8 mwa konsa san l pa wè premye a. Bay kiyès  ki te di pawòl sa a : « Nou menm, jèn gason, pwofite jenès nou. Fè kè nou kontan pandan tout tan nou jèn gason toujou. Fè tou sa nou ta vle fè, tou sa nou anvi fè. Men pa bliye Bondye gen pou mande nou kont pou tou sa nou fè » (Eklezyas 11.9).

Yon ti manti ! Yon ti manti wi li te bay apot yo pou l te kenbe yon pati nan kòb li te vann tè a. Pòv malere Ananyas, li te jwenn sipò madanm li Safira, yon bèl fanm k ap bay manti : yo tou de te bare ak lanmò !

Anpil fanm tonbe ansent premye fwa yo konn gason. Jete pitit, enfeksyon, maryaj avan lè, lamizè, kite lekòl…men tout fwi ou ka keyi sou pye bwa fònikasyon.

E pou ou menm ? Kisa yon ti peche ye ? Eske se yon ti detay ke Bondye ka dakò ? Eske se yon dwa ou genyen ke pyès moun pa ka anpeche w jwi? Eske se yon peche w ap fè ankachèt? Mwen pa konnen. Ou menm tou petèt, men Bib la di: « Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l, san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè. » (Ebre 4.13)

Pase yon bon jounen !
Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...