vendredi 29 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #93: Levanjil ak kominikasyon


Sikanalis, doktè nan filizofi ak nan lang, youn nan teorisyen ki te gen plis enfliyans nan kominikasyon moun a moun ak pwoblèm ke moun konn genyen; se konsa yo kanpe Paul Watzlawick, yon nonm ki te fèt nan peyi Otrich. Nan liv li a ki rele “The Pragmatics of human Communication” (Pratik kominikasyon moun a moun), ki te soti nan lane 1967, nou jwenn 5 prensip, premye a se : “ Nou pa ka pa kominike”.

Daprè prensip sa a, yon moun kominike nan kennenpòt ti jès li fè : “ Tou sa nou di, sa nou pa di, sa nou fè oubyen sa nou pa fè, fè pase yon mesaj ». Pa egzanp, lè w pa li yon nouvo mesaj ou resevwa sou telefòn ou se yon kominikasyon. Tèt ou, lè w gade, lè w souri, bouch ou, dwèt ou yo ; tout sa ou fè fè yon mesaj pase, li ka pozitif oubyen negatif.

Ou pale klèman nan eskiz ou yo, endisponiblite w, endiferans ou fas ak levanjil. Ou pa gen tan pou w sèvi Bondye, li labib, ale legliz, evanjelize tandike ou gen anpil tan pou w fè lòt aktivite. Paul Watzlawick t ap di w : « Mwen resevwa mesaj ou a ».

Si ou gen yon randevou ki gen awè ak yon vwayaj oubyen yon djòb, w ap kite tout bagay pou w ka rive bonè. Kilt dimanch la te dire twòp tan men fim ou tap gade a te twò kout. Se de enterè depaman, ou fè pi bon chwa a.

Apre ou fin li tèks sa a, ou pral di yon bagay nan pale oubyen nan fè jès. Mwen pa konnen sa w pral di a men mwen sèten ke ou pa ka pa reyaji. Bib la di : « Se sa k fè, kit n’ap manje, kit n’ap bwè, nenpòt kisa n’ap fè, fè l pou sa sèvi yon lwanj pou Bondye. » (1 Korent 10.31).

Pase yon bon jounen !

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...