samedi 6 février 2016

Célébration de la 100e (Les lecteurs m' écrivent)

Chak maten m'leve, m jwenn manje pou nouri nanm mwen. M pa gen lajan pou m peye, anplis  ou pa tap janm bay li pou lajan. Jodia m'kapab diw ede m anpil pou apwoche pi pre Jezi chak jou. Ke Bondye kontinye beniw sevit sèvitè. (Kolaboratè)

Brousseau Volcius
Liancourt, Haïti

**********
Au commencement était la parole et la parole était Dieu. Il dit également heureux ceux qui lisent,  mais l'important est qu'est ce qu'on lit. De nos jours, les réseaux sociaux sont utilisés pour les dévergondage,  soit pour détruire, soit pour blaguer. Cependant, toi tu l'utilises pour le bien.  Aujourd'hui, tu apportes la parole à tout le monde et tu proclames le nom de Jesus.  En vérité, je te l'ai dit, ce travail ne sera pas en vain. Continue et la bénédiction te  parviendra au superlatif mon frère. Aujourd' hui, ce que tu fais est gratuit, bientôt on aura besoin un peu de cette parole avec l'argent et elle ne sera pas possible.  Heureux celui qui prend à  coeur ces paroles.

Louis Esnord
Turgeau, P-au-P, Haïti

**********
Mwen di Bondye mèsi pou bèl pawòl sa yo li mete nan ou pouw pataje ak nou. Meditasyon w c yo se nouriti pou nanm mwen chak jou, yo ede m anpil si tou lè m gen meditasyon pou m prepare nan gwoup mwen. Anfen,  lèm vle dekouraje ak lavi pawòl sa yo remonte moral mwen. Se pou Bondye beniw plis chak jou ak travay sa wap fè a, e nou menm kap li meditasyon sa yo se pou yo pote fwi nan lavi nou pou nan dernye jou a Dye va di nou antre isit la bon fidèl sèvitè e li va kouwòn nou. Mèsi.

 Sr Clausele Emildor
Camp-Perrin, Cayes, Haïti.

**********

Frèm, mwen felisitew anpil pou kouraj ke w genyen chak maten pou ap pibliye meditasyon yo chak maten an jis poun kapab evanjelize moun nan lemond antye. Se avèk plezi pou m ap pataje meditasyon yo paske konnen se bon pawòl yo ye. Bondye beniw ak tout fanmiw frè pou bon travay sa.

Frè Jonas,
Brezil

**********
Mwen beni non Bondye paske li banm posiblite pou m li meditasyon yo chak jou, yo toujou ede'm pase yon bon jounen.
Li pa toujou fasil pou jwenn yon jèn ki konsakre li pou kite Bondye itilize'l.
Donk ke ou kontinye jwen gras ak favè Bondye pou li kontinye mete pwovizyon nan men ou pou beni nanm nou.
    Martine KERISARETH
Carrefour,Haiti

Mwen pa gen mo pou mwen ta diw pou bon travay sa a w'ap fè a. Yon sèl bagay m'ap diw kontinye fè flanbo levanjil la klere tout kote ou pase. Se pou Bondye kontinye beni ou nan tout sa w'ap fè.

Fr Bernard.

**********
Nou beni non BonDye pou tout meditasyon kel te ede sèvitè a pataje avèk nou, se pa yon travay ki fasil nou pap janm ka peyew men BonDye pap manke devèse gras li sou ou mwen toujou pataje meditasyon yo nan lòt group.

Sr Thamara Dupervil
Verrettes, Haïti

**********

Mw felisite w pou fason w mete w disponib pou w ede nou, fòme nou espirityèlman e sosyalman ... ke Bondye fè w gras e ba ou plis konesans pou w ede nou !

Me Marc- Hony PIERRE
Bon Repos, P-au-P, Haïti

**********

Mwen santi m kontan paske Bondye metew sou wout mwen,ou se yon vrè leader....ou louvri je'm sou anpil bagay ki t parèt mistè pou mwen. Mwen te toujou li BIB mwen, men lè m vin fè rankont avèw se komsi m te konn fè teori nan lekti yo epiw vin banm pratik la, se konsa m santi l. Se Bondye ki mete w nan plas saa menm frem, li chwaziw....kenbe fèm sevitè paske rekonpans ou pap piti nan syèl la. Ke Dye kontinye vide gras li sou ou san mezire. Mèsi,mèsi,mèsi pou kouraj ou.......

Fr Chrisnel Montinat
Liancourt, Haïti
A Dios sea la gloria !!!

**********

Mwen rann aksyon de gras ak Bondye pou fidelite'l, paske li pa janm kite'm prive de parol li. Menmjan mwen nan nesesite manje chak jou, Senyè a fè pwovizyon pou mwen chak jou pa kanal sèvitèl fr JED, paskem te toujou gen anvi poum komanse jounen'm ak pawòl la. Erezman, Senye a fèm gras lap instrui'm a travers meditation yo. Gras ak meditation sa yo m pa pè deba biblik, mwen gen plus konesans sou parol la poum evanjelize kotem pase. Mwen swete ke Senye a  konblew de tout kalite de benediksyon, spesyalman nan pawòl la, pou'w kapab toujou anmagazine tout konesans ke Sentespri a bay la pou edifikasyon legliz inivèsèl la. Ke Bondye beni'w abondamman!!!

Ménéus Jordens,
P-au-P, Haïti

**********
Nan okazyon 100e piblikasyon meditasyon sa,  Jerôme Dorsonne E, le gagneur âme, map di Bondye mèsi dèske mwen te fè pati gwoup sa pou m resevwa mesaj ki plen onksyon ladanl. Mwen santi m beni atravè levanjil sa  ke bondye pase pa fr Emerson banm mwen an. Nap priye Bondye poul ouvri entelijans li plis nan pawòl li jis pou m plis benefisye don bondye bal la. M swete Bondye beni fanmi an e kouvri yo anba zèl Sentespri a. Bon travay nan non Senyèa frè pa m.

Brandson Emetil
Brésil

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...