samedi 6 février 2016

No 101:Kòman istwa ou a ye?


Yon istwa se yon seri de evenman ki ka vre oubyen yo imajine. Yo ka rakonte li nan liv, nan bouch oubyen nan fim. Nan sans sa a, lavi a menm se yon istwa kote chak moun ka jwe tout wòl yo : rakontè, aktè, reyalizatè, moun kap gade a, moun kap li a oubyen moun k ap tande a. Konsa tou, gen istwa ki tris, sa ki ka edike moun, lòt ki fè moun ri, lòt ankò ki pale de labib elatriye…

Nan tout istwa ki nan mond lan, genyen twa ki atire atansyon lòm depi lontan. Se istwa kreyasyon an, misyon Jezi te vin ranpli sou latè ak retou li pou l ka fin ak tout bagay e fè plas ak yon istwa tou nèf. Apot Jan te ekri pou di : “ Li gen pou l seche tout dlo nan je yo. P’ap gen lanmò ankò, yo p’ap nan lapèn ankò, yo p’ap janm plenyen ankò, yo p‘ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt.“ Ernest Renan, yon istoryen nan relijyon(1823-1892), te di nan ekri li yo: “San Kris la, pa gen istwa ke moun ap konprann.”

Petèt ou te konn li sitwa vrè yo, sa ki tris oubyen sa ki reyèl yo. Ou te pataje yo sou rezon sosyo yo, ou rakonte yo e mwen pa menm konnen si w pa konn fè yo tou. Kit li vre kit li pa vre, tout istwa gen yon leson. Yo di dèyè chak erè yon moun fè, gen yon leson ki kache dèyè li pou jodi a oubyen pou demen. Ke ou aprann leson an ke ou pa aprann li, se yon leson li ye pwiske gen lòt moun kap aprann de istwa ou.

Eske ou konn parabòl de pitit gason yo ? Sa fè 2 mil lane konsa depi Jezi te di l ak chèf  relijye yo. Leson an senp nan pawòl, li gran nan aksyon e li toujou aplikab nan syèk nou an. Lè chèf relijye yo te fin reponn, Jezi te di yo : « Sa m ap di nou la a se vre wi. Pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo va antre nan Peyi kote Bondye wa a anvan nou. Paske, lè Jan Batis te vin bò kote nou, lè li t’ap moutre nou jan pou nou viv dwat devan Bondye a, nou pat kwè li. Men, pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo te kwè li. Malgre nou te wè sa, nou pat chanje lide nou pou n te kwè nan li tou."

Konbyen fwa ou kritike lòt yo pou peche yo tandike ou pa janm obeyi ak levanjil Jezikri a, ki se pi bèl istwa nan lemond? Konbyen fwa ou li yon istwa tris ke w pataje bay zanmi w yo ak konviksyon alòske li pa itil ou pyès leson nan lavi ou, nan istwa ou ?

Kòman istwa ou a ye ? Tris ? Edikatif ? Komik ? oubyen li dezagreyab ? Tankou Moyiz, Abraram, Jozèf, David, Pòl e Telò te kite yo chak yon istwa pou lemond, yon jou y’ap rakonte istwa pa w la bay lòt jenerasyon yo. Sak di si se pa ou ki pral yon enstriman Bondye pou sove Ayiti de istwa tris li a?

 Ke istwa ou sèvi yon egzanp pou lemond antye ! (Travay 1.8)

Pase yon bon samdi !
Jérôme Dorsonne Emerson
Soli Dei Gloria

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...