mardi 12 avril 2016

Rezilta evanjelizasyon an

Meditasyon pou jodi a, No 167
Madi 12 avril 2016

 Rezilta evanjelizasyon an

(Kisa pou m fè si m tonbe ansent ?: Refleksyon sou maryaj ki fèt akoz gwosès. Me 2016)

Si moun w’ap evanjlelize a pa kwè nan Jezi, pinga ou dekouraje, kontinye bay lòt moun levanjil la paske Jezi ki mèt levanjil la, te konnen ke tout moun pa tap kwè nan li. Li te deklare : « Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men moun ki pa kwè va kondane » (Mak 16.16). Kidonk, se pou w toujou  atann ak de rezilta lè w ap evanjelize.

1.       Yon rezilta pozitif

Moun k’ap tande w la kwè nan sa w ap preche a. « Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre ». Batèm dlo a montre ke moun nan gen lafwa. Se pa yon kondisyon pou yon moun sove, paske se sèl Jezi ki ka sove. Dlo a pa gen pwisans pwiske li se yon eleman nan lanati, li pa ka rejenere lòm. Sepandan, si yon moun ki kwè refize batize, li pa kwè nan Jezi vre oubyen li pa konprann ki sa konvèsyon an ye.

2.       Yon rezilta negatif

Moun ki koute w la pa kwè nan sa w di a : «Men moun ki pa kwè va kondane ». Se pa ni ou menm ni Jezi k’ap kondane moun lan men se li menm menm ki fè sa. Jezi pat vin sou latè pou l kondane (Jan 3.18).  Pakont, yon moun ka chwazi kondane tèt li : « Men ki bò kondanasyon an soti pou yo : limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fè nwa a pase limyè a, paske sa y’ap fè a mal. » (Jan 3.19).

Toujou gen yon rezilta lè w ap evanjelize. « Jezi renmen w » se yon fraz senp ki di anpil bagay. Menmsi moun lan pa reponn, kontinye simen pawòl la, Bondye ap fè rès la. Pa fòse pèsonn konvèti, preche verite a jan li ekri nan Bib la. Pa chanje mesaj la pou fè pèsonn plezi. Levanjil se yon pwisans ki ka libere pechè a, men fòk ou di l verite (Jan 8.31-32).

Pase yon bon jounen !
Jérôme Dorsonne Emerson



Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...