lundi 24 décembre 2018

Gen plas pou ou


Yon zanmi w ki vin avoka pap anpeche w vin avoka tou. Pa rayi l ni swete mal pou li, li pa pran plas ou a ni l pa ka anpeche w vin sa tou.

Menmsi w wè m gen anpil zanmi, pa di w pap zanmi m paske gen plas ou nan kè m. Pa vin enmi m san w pa konn valè bay zanmitay.

Pa fè fanm oswa gason lenmi paske l pat aksepte renmen avèk ou. Li pa ka bay tout moun jwe menm wòl nan kè l men gen plas pou ou paske l ap bezwen lapriyè, konsèy ak lebra nan moman nesesè.

Menmsi w ta tande gen yon milya kretyen nan mond la, pa di w pap konvèti paske toujou gen plas pou ou nan wayòm Bondye a.

Olye nou chache detwi yon lòt pou sa l ye e sa l ap fè, ann chache konnen sa nou ka fè pou n ede lòt moun ki nan bezwen.

Si nou chak ki genyen  te chwazi ede yon moun ki pa genyen, pa tap gen tout ensekirite sa yo nan zòn nou.

Gen plas pou ou nan bak la, nan legliz la, nan lekòl la, nan mache a, nan lari a. Sa depan de sa w pral fè, de sa ki gen pou fèt.

Pase pou nou rale kò nou, ann chache konnen kòman pou n mennen kò nou pou tout moun ka viv ere nan plas yo.

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...