jeudi 19 septembre 2019

7 aksyon pou w rezoud yon lit oubyen konfli


Yon konfli oubyen yon lit ka kòmanse lè de pati (oubyen plis) pa gen menm fason yo wè reyalite a, oubyen yon pati wè ke yon lòt gwoup ap bal pwoblèm oubyen sou wout pou bal pwoblèm.

kisa ki ka fèt?

Pou sa chanje fòk tout pati yo:

1- Rekonèt ke egziste yon konfli. Idantifye epi rekonèt kòz pwoblèm nan.

2- Manifeste (tout pati ki enplike yo) dezi a rezoud li.

3-Jwenn espas ak tan ki nesesè pou pale de pwoblèm nan.

4- Mande èd yon medyatè. Pou sa, li enpòtan pou pran an kont kèk règ minimòm:
- Koute lòt moun lan san entèwonp.
- Pa asime anyen san konprann: si ou pa te konprann yon bagay, mande.
- Repete fraz yo pou yo pa sanble akizasyon. Pou fè sa, olye pou sèvi avèk dezyèm pèsòn sengilye (ou te di ke ...) li pi bon pou sèvi ak premye pèsòn ("mwen te konprann ke ...")
- Pa jije oswa joure.
- Pa kite kote a san yo pa pran yon solisyon konkrè.
- Pa sèvi ak sa ki te di yo pou gaye yo pita.

5- Chèche pi gwo kantite (ak pi gwo varyete) solisyon a pwoblèm nan. Se yon bagay nou ka deja imajine, li ap pi fasil jwenn solisyon nan kèk konfli pase lòt. Men kèk egzanp:
- Si konfli a te parèt akòz yon entèpretasyon diferan nan kèk reyalite, klarifye opinyon diferan yo, nou ka wè pwoblèm nan rezoud tèt li jis paske nou prezante opinyon yo pi klè.
- Pou konfli enterè (pa egzanp, yon volontè ta dwe fè travay administratif, men li vle sèlman fè aktivite kreyatif), la yo ka chache yon entèmedyè (pa egzanp, rive a yon akò ant èdtan yo ke li pral konsakre nan travay administratif ak travay kreyatif).
- Pou konfli valè ak kwayans, pozisyon sa yo toujou pi difisil pou yo negosye, nan ka sa plis solisyon kreyatif ka chanje sa (pa egzanp, yon pati kapab gen pwoblèm ak yon lòt pou sa li manje, pati ki vle fè konnen kisa li manje ou pa kapab òganize yon atelye kote lap kwit manje, kote kominote a kapab konnen manje kel ka manje ou pa).

6- Rive sou solisyon ki pi ekitab pou tout pati yo nan konfli a, kritike, evalye tout altènativ yo pou nou konn sa ki pi bon.

7- Aplike desizyon ki te pran pandan konfli a tap rezoud la, pa kraze akò yo.

Sous: Juventud en acción

Sikoloji an kreyòl

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...