lundi 24 février 2020

Pran san w zanmi m...

 Jodi a w gen tan w pa jwenn kòb, yon jou w gen pou w gen kòb, ou p ap jwenn tan. 

Jodi a w ap sonnen tout nimewo pou w fè kontak, yon jou w gen pou w pa gen tan ni enterè pou w pran yon apèl. 

Jodi a w konn kondi, ou pa gen machin, yon jou w gen pou w gen plizyè machin ou p ap kagen tan pou kondwi yo. 

Jodi a w ap chache djòb ou pa jwenn, yon jou w gen pou w gen plizyè djòb pou bay ou p ap jwenn moun. 

Jodi a w ap mache pèsonn pa okipe w, yon jou w gen pou w wont mache tèlman y ap gen pou gade w. 

Jodi a y ap ri w paske w pa gen frèch, yon jou yo gen pou di w ap pran plezi w lè w met rad chire. 

Jodi a w ap pale yo pa vle tande w, yon jou y ap bezwen levanjil ou pou yo sove. 

Jodi a y ap di w p ap janm anyen, yon jou w gen pou w genyen pou w ede sila yo di k p ap janm anyen. 

Pran pasyans! 
Grandi ak sa w genyen! 
Aprann jere, pa fè eksè! 
Kenbe onètete w malgre tou! 
Gen lespwa rive menmsi w pa wè wout pou w pase! 
Travay! Kreye! Eseye! Korije! 
Mande konsèy! Medite! Obsève! Pwopoze! Fè lekti! Aprann! Tande! 

Siksè se rezilta mantalite pozitif! 

 JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...