dimanche 15 mars 2020

Ann met tèt ansanm pou nou youn pwoteje lòt

Aprè, si mwen menm ak ou fè pati rès moun ki pa t mouri yo, n a sispann viv pou tèt nou.

Nou reyalize malgre tout etid, tout eksplwa, tout byen, lajan nou te ka genyen, sante w pi enpòtan.

Apa nou tout ap pataje enfòmasyon sou kòman pou n pwoteje tèt nou! Se byen!

Yon monn kote se malè sèlman ki pou fè n sonje enpòtans solidarite se yon monn frajil.

Antouka, pou Ayiti, anplis de mezi yo pou n adopte, lapriyè pou n mande pwoteksyon Bondye e remèsye l enpòtan anpil paske n pa ka pran frap sila mete sou tout sa n ap pran depi plis pase 30 lane.

Ann met tèt ansanm pou nou youn pwoteje lòt.

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...