lundi 2 mars 2020

Legliz ak monn lan: yo chak gen moul pa yo

Mwen swiv entèviyou anpil atis ki te leve legliz ki oblije ale fè karyè yo nan lemonn. Majorite ladan yo wè se te yon anbara pou legliz t ap egzije yo fason pou yo viv e abiye. Se kòmsi yo delivre anba esklavaj legliz. 

Menm jan an tou, nou gen anpil atis ki te nan monn lan ki vin legliz k ap fè siksè. Yo menm tou santi yo delivre anba esklavaj monn lan. Kisa n dwe konprann nan sa?

Pèsonèlman, si se pa sa l ye pou tout moun, pèsonn pa oblije yon moun fè pati yon relijyon si li menm li pa deside. Sa ka kòmanse nan zanfans ou, menm jan ak mwen ki te leve jwenn Grann mwen ap mennen m legliz Katolik. Lè m vin konprann se pa chwa m, m deside pa ale e m konvèti. Se te chwa m, dwa m, volonte m. M pa oblije wè Katolik mal paske mòd vi l pa ale ak konsepsyon mwen. Li se yon kesyon de chwa m genyen. 

Yon moun te nan Temwen, li vin nan Pwotestan, se chwa li. Li te nan pwotestan li ale nan Temwen, se chwa li. Li te nan vodou li vin nan pwotestan oswa visevèsa, se chwa pa l. Sa pa ta dwe yon baz kritik. Toutotan nou chak pa dakò nou gen dwa, nou gen chwa, nou responsab tèt nou, se nan kritik tout desizyon nou yo ap fini. 

Mwen pa fè pati anpil moun k ap kouri aplodi moun ki te nan lemonn k ap vin legliz ni blame yon moun ki kite legliz ki ale nan lemonn san se pa yon verite m vle fè pase. M panse li lè li tan pou tout moun rekonèt dwa yo pou yo kite legliz, konvèti, chwazi relijyon yo vle san yo pa bezwen pran chwa yo kòm yon rezon pou diferansye yo, fè konkirans ak moun ki pa nan menm kan ak yo.

Legliz gen moul pa l, monn lan gen moul pa l. Fè chwa san w pa bezwen kritike pèsonn. Se dwa w. Lalwa ak Bondye rekonèt sa. Si w wè legliz la anpeche w mete chèn, pantalon, alonj ak grèf, kite l ale nan yon lòt k ap aksepte w. Si w santi w pa byen nan lemonn, vin legliz men pa kite youn pou w vin nan lòt sou pretèks lòt la te fòse w. Se ou ki te dakò. 

Jodi a, n ap asiste ak yon veritab desepsyon kote chak grenn moun ki kite yon asanble, meyè fason pou l montre l gen rezon se lè li met tout sekrè deyò, rakonte tout mal li te sibi pandan l te gen volonte pou l refize yo. Se pa enstitisyon yo ki pa bon, se lòm. Se pa deyò a ki pa bon, se lòm. Se pa Temwen, Advantis, Pwotestan, Katolik ki pa bon, se nou menm ki pa gen respè pou dwa yon lòt genyen ki pa bon. Gen bon moun anndan ak deyo legliz. Cheve long, pantalon ak jip, kostim ak chemiz manch long pa detèmine bon ak move moun. Aksyon w sifi pou demontre kilès ou ye. Chaje moun k ap tande levanjil ki aji tankou moun inyoran menm jan gen anpil moun ki pa tande levanjil ki viv byen. Se pa nan kwayans pwoblèm nan ye, se nan nou.

Plis n ap kritike lòt pou chwa yo se plis ap gen ti klan e plis gen ti klan se mwens viv ansanm nan ap difisil. Ou pa renmen moul legliz la, ale nan monn lan. Ou pa renmen moul monn lan, ale nan legliz la. Se chwa w, se dwa w! Ou ka ale otandefwa ou vle, ou ka tounen otandefwa ou vle. Sèlman, PA BAY PÈSONN RESPONSAB LÈ W AP PEYE KONSEKANS CHWA OU. SE SENP!



Jérome Dorsonne Emerson 

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...