mercredi 22 juillet 2020

Bay kilès ou dwe pataje ide w?


|ANTREPRENARYA 

Sa poko rive w pataje yon ide bay yon zanmi oswa yon moun ou estime k ap konprann ou epi reyaksyon li fè w bay vag? Jean Baptiste Volcy ki se otè liv "POUR L'AMOUR DE L'ENTREPRENEURIAT" pataje eksperyans li sou twa kalite moun ki ka kòmante yon ide w genyen.

Temèt pou w marye, vwayaje oswa fè biznis, li enpòtan pou w konnen twa kalite moun sa yo avan w pale yo de yon pwojè.

1. Moun ki nayif 


Trè souvan, moun ki nayif la ap di w ide w la bon san reflechi. Sa pa vle di moun sa wè ide w la mal, ni li pa swete w echwe men paske li pa gen matirite, li manke eksperyans, li pa ka ede w wè bon ak move kote ide w la. Moun sa yo la pou aplodi w, felisite w, mache avè w e kore w nan nivo emosyonèl, men pa nan lojik. Si w ap echwe, yo p ap ka anpeche w.

2. Moun ki negatif


Daprè Volcy, moun ki negatif la wè ide w la se ide moun fou. Li imajine ou p ap ka reyalize l. Men, li fè sa pou retade oswa kraze anprèsman ou genyen pou w reyalize ide sa a menmsi li ta yon bon ide. Yo te ka fè tout bagay pou anpeche w avanse si sa te posib. Ou dwe kanpe zanmitay ak jan de moun konsa, toujou selon Volcy.

3. Moun ki pozitif

Kalite moun sa yo egzamine si pwojè w genyen an ka fèt osinon pa. Yo ede w konnen si ide w la ale ak sans ou, valè w e si l koresponn ak sa w vle selon aspirasyon ou ak pwofesyon w. Ou ka wè moun sa yo difisil nan kesyon y ap poze w, men se pou fè w wè fezabilite ide w la.

Trè souvan, se pa ide w la ki pa bon, men se moun ou pataje l ki ka fè l parèt ireyalizab e dekouraje w, minimize oswa frennen anbisyon ou genyen.

Ou bezwen antoure ak moun ki vle wè w reyisi, zanmi ki vle pou w akonpli gwo bagay nan lavi w. Se ak yon ide Jeff Brezos, Bill Gates, Marc Zuckerberg, Carel Pèdre te kòmanse pou yo rive kote yo ye a. Ou ka fè plis pase sa paske sa yo fè a deja la e ou dwe panse pi wo.

Mwen ankouraje w li liv POUR L'AMOUR DE L'ENTREPRENEURIAT pou w ka fè siksè ak ide ou genyen an. Ou ka fè kòmann li nan LE FOURNISSEUR.

Jerome Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...