mardi 7 juillet 2020

Kòman w ka rekonèt yon bon ak yon move moun?



|SOSYETE

Si lòm pa Bondye, li pa san peche, nou pa ka detèmine li bon oswa move sou yon 
peche oswa yon erè. Si se sa, tout moun se move moun paske pa gen moun ki pa fè 
erè. Men, si yon moun pa vle rekonèt erè li fè, sa ka montre mechanste ki nan kè li. 
Sa pi mal ankò si l ap repete yon erè, li vin dyabolik. 

Nou pa ka di yon moun bon ou move sou yon defo non plis paske tout moun gen pou pi piti yon defo ak yon kalite. Se sa ki fè, renmen yon moun se aksepte l ak defo li e kalite li yo. Ou pa ka fin di yon moun bon nèt gras ak yon kalite ni li move nèt akoz yon defo. 

Defo ak erè

Defo ak erè pa menm. Defo se absans yon kalite, se sa yon moun manke ki fè li pa ka 
bay satisfaksyon nan yon sikonstans. Yo pale tou de enpèfeksyon moral. Pwiske nou konnen pèsonn pa ka bon a sanpousan, n ap dakò tout moun gen defo. Sa vle di, nan yon domèn oswa nan yon sikonstans, nenpòt moun ka manifeste yon defo. E trè souvan, ou wè yon defo akoz ou gen yon defo, ki ka mank tolerans, manke konprann osinon enpasyans. 

Yon erè ka fèt nan yon moman, li ka repete plizyè fwa men se pa yon defo. Li posib pou se yon defo oswa yon kalite ki fè w fè erè. Alò, si w kouri jije yon moun pa bon sou yon erè li fè, ou ka fè gwo erè paske li ka korije l. Se sèl lanmò lòm pa ka korije. Depi li mouri tout bon, li mouri nèt.

Alò, kòman w ka rekonèt yon bon ak yon move moun?

Yon bon moun konfòme l ak sa ki jis. Li se yon moun moral e li aji ak rezon. Li 
pran konsyans de aksyon li, li devwe nan sa l ap fè, li se yon egzanp kote l ap viv, li renmen bay, li janti e li serye. 

Yon move moun se yon mechan nan sans jeneral. Li pa byen fè sa li dwe fè. Li gen 
plis entansyon pou fè mal nan sa l ap di e fè. Natirèlman, li rayi moun san l pa bezwen gen yon rezon. Li renmen opoze ak tout bagay. Li pa renmen bay ni fè anyen pou fè moun byen e li gen rankin. 

Eske move moun pa gen kalite?

Wi, dayè menm mechan an pwoteje pitit li. Men yon bon moun pa gen fwontyè. Li pa gade sou koulè, sou sèks oswa sou byen materyèl pou l trete moun. Sa pa vle di 
li pa ka fè erè ni li pa gen yon defo men li gen plis entansyon pou l fè byen e li 
rekonèt erè li fè. Se yon moun k ap fè pwogrè nan tout sa l ap fè menmsi l p ap 
janm pafè.

Èske ou se yon bon moun? 

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...