mardi 7 juillet 2020

Kèk erè pastè yo fè nan leve pitit yo

|FANMI KRETYEN 

Oscar Wilde te di: “Timoun yo kòmanse renmen paran yo lè yo piti. Kou yo gran, yo jije paran yo. Pafwa, yo konn padone yo”.

Daprè pawòl sa a, okenn paran pa dwe kontante l nan renmen pitit li pandan li piti pou l neglije edikasyon li. Lè m pale de edikasyon, m wè fòme yon timoun selon prensip moral yo. Se pa fòse timoun lan pran karaktè w ak fè tout sa w vle.

Daprè Jean-Jacques Rousseau, se ak ledikasyon yo fasone moun. Sa vle di, ou pa
trete timoun nan tankou esklav ni tankou delenkan. Pandan l ap grandi, li dwe aprann nan men w nan libète. Li ka poze kesyon, li ka aksepte e rejte e li gen dwa pou l dezire tou. Lè sa pa fèt, timoun sa grandi ak yon lespri pou l vanje. Li pa ka tann lè li gran pou l viv jan li vle. Alòske, si li te jwenn yon edikasyon nan tolerans, paran an t ap ka ede l devlope santiman li pou l fè byen.

Nou tout konnen nou ka fè timoun men nou pa ka fè santiman yo. Sa ki dwòl la, ou ka pouse timoun sa a gen move santiman parapò ak jan w trete l. Ebyen, se konsa tou, ou ka fè l gen bon santiman si w byen trete l. Ofinal, se ou ki montre pitit ou kòman pou l viv. Aksyon ou yo dikte l sa pou l fè.

Annou wè kèk erè pastè yo oswa nenpòt paran kretyen ka fè nan leve pitit yo.

1. Fòse yo konvèti

Konvèti dwe yon desizyon pèsonèl, lib e byen kalkile. Yon fwaye kretyen pa dwe yon tribinal pou jije timoun ki pa kretyen, li dwe yon lekòl pou aprann yo aji byen. Anpil timoun vin delenkan malgre yo leve nan yon fanmi kretyen. Koz la senp: yo pa t janm aksepte Kris ak volonte yo. Kontrent, perèz pou yo pa t sanksyone yo te fè yo dakò men se lè yo grandi, paran yo ap wè kilès yo ye tout bon.

2. Fè yo konvèti nan timoun

Sou pawòl Oscar Wilde la, nou ka konprann timoun p ap rete timoun. Plis y ap grandi, y ap konprann chwa y ap fè ak lòd y ap pran. Sa pa vle di yon timoun pa ka konvèti tout bon men sa dwe desizyon pa li e non yon pwogramasyon pou fè l chwazi san konprann. Sa bèl lè timoun ap evolye legliz, men evolisyon sa a pa ranplase repantans. Timoun nan ka konn chante, jwe mizik, preche e fè lòt sèvis san l pa kretyen. Nou dwe konnen se pa abitid ki krisyanize moun, se batèm Sentespri a. Konsa, ou te mèt fèt e mouri legliz, si w pa t janm resevwa batèm Sentespri a, ou p ap sove.

3. Enfliyanse chwa santimantal timoun yo

Si yon timoun jwenn bon levasyon, li pa bezwen dikte nan chwa l ap fè. Levasyon sa a dwe yon gid, yon liy pou l swiv san kontrent. Si li toujou bezwen vyolans vèbal oswa fizik pou l byen aji, li pa t byen elve vre, li te wobotize.  Nan yon sans, chwa yon timoun se rezilta edikasyon paran l. Nan ka chwa sa a pa ta bon, devwa paran an se dyaloge ak konseye. Eksperyans montre vyolans pa rezoud pwoblèm sa yo.

4. Sanksyone santiman yo sou baz levanjil

Pitit yon pastè pa yon ti pastè ni ti pastorès. Pitit yon kretyen pa yon ti kretyen ni fòseman yon fiti kretyen. Tou de (2) sa nou site la yo dwe rezilta bon levasyon. Sa vle di, pitit ou tèlman byen resevwa fòmasyon nan men w, li mennen tèt li byen e se lè sa a ou fyè. Lè pitit ou fè yon move zak, li abiye tankou monden, li pa gen konpòtman kretyen, se pa sou baz levanjil pou w sanksyone li, tankou li te dwe aji
tankou ou. Okontrè, si li te byen leve nan levanjil, kòman li fè pa aji tankou yon kretyen? Sa jis vle di edikasyon an pa t byen fèt.

Yon avoka pa ka sanksyone pitit li paske li vyole lalwa ni yon machann manje pa ka joure pitit li pou pa konn fè manje. Timoun pa eritye fidelite paran, se bon levasyon ki fè yo angaje yo ak Kris pou yo vin fidèl.

Lè Bib la di pou n bay timoun yo bon levasyon (Pwovèb 22.6), li pa mande nou pou n fòse yo tankou nou paske Bondye pa fòse pèsonn kwè nan li. Depi gen fòse, pa gen bon levasyon, se alyenasyon ki se yon seri prensip ki kontrenn yon moun aji san volonte li e san konprann.

Chak fwa eksperesyon “selon le Seigneur”parèt nan Bib la, nou dwe raple nou karaktè Bondye ki pa diktatè men demokrat. Antanke yon Bondye jis, li pa ka fòse moun adore li men chak moun ap peye pou chwa yo fè.

Konsèy pou pastè ak paran ki konsène yo

Reli tèks sa a epi jije travay ou antanke edikatè pitit ou. Pote koreksyon, kenbe sa ki bon an epi chache lòt mwayen pou kontinye byen leve pitit ou.

Konsèy pou timoun ki konsène yo

“Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Senyè a pou n obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye. Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l. Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè”. (Efezyen 6.1-3)

Si paran nou fè erè, nou pa oblije fè l tou. Anpil fwa, se dezobeyisans nou ki fè paran nou mal aji. Annou obeyi yo pou travay y ap fè a ka fèt pi byen.

Jerome Dorsonne Emerson


Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...