mardi 21 juillet 2020

Rezon prensipal ki fè pote chanjman difisil


| DEVLPMAN KOMINOTÈ

Tout moun bezwen chanjman, menm moun ki fè pati koz yo. Anpil ONG, asosyasyon, mouvman e menm gouvènman bezwen pote chanjman. Chak gwoup sa yo gen yon lidè ki nan tèt inisyativ yo pou preche linyon, lapè ak dyalòg. Malerezman, aprè tout volonte ki manifeste, lajan ki envesti, tan ki mete, anyen pa janm mache. Kisa ki lakoz?

Pami tout rezon ki ka esplike echèk sa a, nou jwenn BEZWEN MOUN KI KOZ OSWA KI KONSÈNE YO KI INYORE. Nan lidèchip, moun ki responsab pou mennen chanjman an dwe konprann reyalite moun li vle chanje yo oswa zòn nan. Sinon, li ka bay tout richès li, aplike anpil metòd epi pwoblèm yo anpire.

Yo rakonte yon istwa kote yon ONG te vin reyalize yon pwojè nan yon zòn. San mennen ankèt, yo reyalize yon pwojè twalèt paske yo te remake moun yo fè bezwen atè. Kèk jou aprè, lè yo vin fè swivi, yo wè se toujou atè bezwen yo fè e sesi, devan pòt twalèt yo. Lè yo mande poukisa, abitan nan zòn nan fè konnen se pou fimye yo fè bezwen yo atè.

Èske w ka imajine lajan, mobilizasyon ki te fèt pou rive konkretize yon pwojè konsa? Poutan, li pa t nesesè parapò ak bezwen abitan yo. Leson: Menm lè w ap ede yon moun, fòk ou chache ki pwoblèm ki fè l vilnerab. Sinon, ou ka ofri l sa ki pa enpòtan osinon k ap ogmante pwoblèm li, tankou w te ofri yon telefòn ak yon timoun ki pa gen kòb pou l fè plan entènèt.

Ou pa ka mennen chanjman kote w pa konn koz pwoblèm ki merite chanje a. Ou riske agrave sitiyasyon an jiskaske èd ou, konesans ou, lajan w ak pouvwa w pa itil. Dèfwa, pwoblèm ou bezwen rezoud la pa mande kòb, se dyalòg. Lòt fwa, li pa mande dyalòg, se remèt sa ki te pran an. Toujou gen yon solisyon pou nenpòt pwoblèm nan, men se konnen revandikasyon yo k ap fè l posib.

Mank tolerans, antant, dyalòg ak refleksyon fè malgre chaje diplòm ak eksperyans, n ap viv e mouri tankou inyoran ak enkapab. Gen pwoblèm se depi nan klas primè li dwe kòmanse rezoud pou m pa di nan lekòl. Ou mèt rele tout gran ekspè nan monn lan, p ap gen solisyon. Kle a ap anlè pòt la, n ap chache jis nou kraze l nou p ap wè l pou n ouvè l.

Si nou vle chanje tout bon, annou chache konnen bezwen moun oswa zòn nou vle chanje a.
____________________
Antre nan gwoup Les messages de JDE pou w ka resevwa lyen pou tout atik k ap pibliye yo chak jou.

___________________
JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...