mardi 4 août 2020

10 rezon ki fè yon moun fè silans

|KOMINIKASYON

Si nan Talmud la (Liv jwif yo), li ekri: "Pawòl se ajan,  silans se lò", sa vle di, silans koute chè. Kidonk, lè yon moun pa di kwit, li pa fè gaspiya e li gen kichòy pou vann. Ebyen, vin nou founi lespri gade pou n dekouvri 10 machandiz ki kwoke kay moun ki fè silans.

1. Li pa gen repons la

Pa gen okenn wont nan pa konnen, sitou lè w pa t pran pòz ou te konnen tout bagay. Silans se mwayen ki ka montre sa.

2. Li imajine w pa vo repons la

Lè konsa, li gade w (li ka souri tou) epi l souke tèt li paske li wè sa li ta di w men domaj, djakout ou pa ka kenbe repons la.

3. Li wè repons la twò fasil

Pafwa, pito w fè tankou w pa konnen lè w reyalize sa yo panse w pa konnen an gran. Silans ou ka fè yo doute de ou men se nan dout sa a yo pral konn kisa w ye tout bon.

4. Li pa vle ba w odyans li a

Yon pèsonaj piblik ki gen yon milyon moun k ap swiv li ka pa vle reponn ou pou kesyon w lan oswa pozisyon w lan pa parèt enpòtan. W a jije si l bon ou pa.

5. L ap tann yon lòt okazyon pou l reponn ou

Nan moman ou poze kesyon an, ou fè deklarasyon an, li gen dwa pa deside reponn ou pou yon rezon pèsonèl. Men sa pa vle di l inyore w.

6. Li kite nati a ba w repons la

Gen pawòl ou di se akoz inyorans ou, imatirite w oswa awogans ou. Pèsonn pa bezwen reponn ou, nati a ap ba w li nan yon evenman oswa yon okazyon ou pa t menm imajine.

7. Li voye w reflechi pou w jwenn li

Gen repons ou pa jwenn ki fè w reflechi e ki voye w al fè rechèch. Sitou si w jije moun sa a dwe gen repons la. Ebyen, yon ti jès sifi pou l ba w devwa.

8. Li pa vle fè w wont

Dèfwa, se pa moun nan ki fè w wont volontèman. Repons kesyon w lan ki fè l natirèlman. Kisa ki fè w poko fè pitit? Silans!

9. Li meprize w

Pou yon kesyon ki pa konsène w paske yo pa t mande w konsèy, meyè reyaksyon yo ka ba w se meprize w pou w aprann pa antre nan sa ki pa gade w.

10. Li pare yon kou pou ou

Awi!!! Gen moun ki pa reponn ou paske w plis merite yon baton pase yon pawòl. Sitou lè se paran w. 😄 Gen kesyon w poze, li mare figi l epi l ba w yon kout je. Ou mèt tann pita, w ap jwenn repons la.

Antouka, si silans se lò, plon pou kèk ekriven tankou Hervé Bazin, silans konn pale. Lè konsa, ou jwenn ajan ak tout lò. Konsa tou, se pa tout lè pou w fè silans paske silans konn vle di konplis.

M ap kite w ak de sitasyon sa yo:

"Silans kenbe tout verite yo; lapawòl pote tout manti yo" (Jacques Ferron)

"Chak pawòl gen yon konsekans. Chak silans gen konsekans pa l tou". (Jean-Paul Sartre)

(Ou konnen yon lòt rezon? Mete l nan kòmantè a)


Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...