lundi 3 août 2020

Tandans negatif sou SIKSÈ

Nan liv "CHEMEN SIKSÈ ", mwen pale de 6 tandans negatif sou siksè anpil l moun kwè ki ka anpeche yo konnen lè yo reyisi. Pami yo, men katriyèm nan, ki se: "Fòk tout moun apwouve w".

SE MANTI.

Tout moun p ap ka twouve w bon menmsi ou te meyè pastè, pi gwo antreprenè, yon bon filantwòp ki nan monn lan. Dayè, si yo te ka tiye Jezi ki te vin sove tout moun san l pa t fè anyen ki mal, se pa ou menm pou tout moun ta aksepte totalman. Poutan, malgre li pa t fè tout moun plezi, li te akonpli misyon li. Siksè w se misyon w. Li pa gen rapò ak tout moun.

Gen ase pwason nan lanmè a pou tout pechè nan monn lan jwenn pou vann, manje e konsève. Konsa, siksè w depann de kantite moun k ap achte pwodwi ou genyen an oswa sèvs ou ofri a.

Ann imajine ou achte 5 bwat plim pou w vann. Chak bwat genyen 12 grenn ki bay 60 plim. Èske w bezwen vann 7 milya moun ki nan monn lan pou w reyisi nan ti komès sa a? Asireman non, men si w vann omwen 30 moun arezon 2 chak moun, w ap ka achte 6 bwat pou w vann plis pase sa. Depi nan premye vant la, ou gentan fè siksè.

Leson: tout moun pa oblije apwouve sa w ap fè a pou w fè siksè. Sa ki enpòtan se chache moun k ap bezwen sa w ap vann nan. Tout moun pa oblije aksepte w, aplodi w pou w reyisi. Nan youn nan mesaj li yo, pastè Marcelo Tunasi ekri: “Siksè toujou fè moun fache e kontan, enmi ak zanmi, rayisans ak renmen”. Toujou sonje chak fwa ou echwe, gen yon moun ki reyisi e chak fwa ou reyisi, gen yon moun ki echwe.

Tan w ap gaspiye nan plenyen, nan panse ak moun ou pa fè plezi a, ou te ka envesti l pou w jwenn plis atirans kay moun ki renmen w lan e menm jwenn nouvo moun ki renmen w. Kidonk, nan chache fè moun plezi, ou fè plis defisi, pami yo: ou pa jwenn anyen, enfliyans ou redwi sou moun k ap swiv ou e ou rate plizyè okazyon oswa plizyè nouvo zanmi. Non, tout moun pa bezwen apwouve w pou w reyisi.

Jérôme Dorsonne Emerson
CHEMEN SIKSÈ
Katriyèm tandans negatif sou siksè

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...