dimanche 25 novembre 2018

Gen anpil moun ki konte sou ou

KONSÈY POU EVITE TONBE NAN TANTASYON

17. Gen anpil moun ki konte sou ou

Pafwa, ou konn panse tantasyon an konsène w sèlman. Si w tonbe se ou sèlman k ap sibi  konsekans la. Poutan : « Ou koute pawòl madanm ou, pa vre ! Ou manje fwi pye bwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m ap madichonnen tè a. W a gen pou w travay di tout tan pou w fè tè a ba ou sa ou bezwen pou viv » (Jenèz 3.17).

Yon sèl fanm peche, li lakoz tout fanm e tout gason, depi plis pase de mil lane, ap soufri. Se sa Bib la di : « Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche » (Women 5.12).

Pakont, Jezi sèlman te obeyi, li pèmèt tout pechè sa yo ka gen relasyon Adan ak Èv te pèdi nan jaden Edenn lan. David te aji pou kont li, men li lakoz anpil madichon tonbe sou lavi l e sou wayòm nan. Farawon tap reziste devan Bondye, li te lakoz plizyè timoun ejipsyen mouri, tandike Jozèf te pèmèt tout fanmi l te vin abite an Ejip akoz li te reziste devan tantasyon madan Potifa. Amnon pat dakò maryaj pou l te kouche ak Tama, li lakoz li mouri tandike Mari te jwenn gras nan je Bondye pou l te pote Sovè a paske l te kenbe wòb li pwòp.

Sa w wè ? Gen anpil moun ki ka soufri lè w tonbe nan tantasyon. Anpil lòt ka rejwi si w reziste. Si w fè yon ti panse ak anpil timoun ki pa ka ale lèkol, manje, jwenn lasante e kote pou dòmi paske yo te fèt nan move kondisyo, w ap reyalize se pou byen ou Bondye pa vle n tonbe nan peche.

Chak fwa w devan yon tantasyon, panse ak moun ki ka sibi si w tonbe. Moun sa yo konte sou ou menm jan ak tout fanmi Jozèf yo ki te jwenn delivrans gras ak lavi dwat li tap mennen devan Bondye.

Eske w pa gen rezon pou w reziste?

Jerome Dorsonne Emerson Jde

Pa wont pote non moun k ap reziste yo

KONSÈY POU EVITE TONBE NAN TANTASYON

15. Pa wont pote non moun k ap reziste yo

Apot Pyè te ekri kretyen Ti Lazi yo pou di yo : « Si yo joure nou paske n ap swiv Kris la, konsidere sa tankou yon benediksyon. Paske, Lespri ki gen gwo pouvwa a nan nou ». (1 Pyè 4.14) Mo fransè ki tradwi « joure » a se « outragé » ki vle di « imilye anpil, ofanse ».

Imilye yon moun se blese santiman ki fè l santi l fyè, li gen valè. Chak fwa yon moun rive blese santiman sa, ou anvi reyaji mal, fè vyolans, joure e menm pase lèbòn. Se pou santiman sa ki fè anpil moun pa ka kretyen tou, paske yo pa dakò pèsonn pase sa yo ye anba pye. Sitou lè w konnen ou gen konesans, relasyon e lajan, li pap fasil pou w aksepte sa tout moun fè w.

Ebyen, se sa yo Jezi te kite ki fè l te ka vin sove mwen menm avèk ou. Li te aksepte tout imilyasyon, tout vye non e tout vye sikonstans ki te ka fè l dezobyi Bondye, Papa li. Men li te konsidere tout bagay sa yo tankou se te benediksyon. Se menm bagay la ou dwe fè tou lè w ta nan plas pou yo ba w pote tout non jis paske w ap reziste anba tantasyon.

Yo ka rele w « lach, egare, ti Jezi, manman Mari, tèt mare, gwo nanm, elatriye ». Pa fè erè panse moun w ap viv diferan de yo tap konprann diferans ou a. Alò, si w vle evite tonbe nan tantasyon tout bon, pa mete nan tèt ou tout moun ap wè w nòmal.

Reziste.

vendredi 23 novembre 2018

Se nan moman difisil yo, tantasyon yo vin pi plis

KONSÈY POU EVITE TONBE NAN TANTASYON

14. Se nan moman difisil yo, tantasyon yo vin pi plis

Se lè w plis nan bezwen, ou tante. E se nan moman sa yo w ap konnen si w gen kapasite reziste tout bon vre. Toutfwa, toujou sonje se pa ou menm k ap bay tèt ou fòs la, li soti nan Kris la : « Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m ap degaje m, granmesi Kris la ki ban mwen fòs kouray » (Filipyen 2.13).

Pa konte sou fòs ou lè w anfas tantasyon an. Pa di tèt ou w ap soti pandan w ap fonse. Li pi saj pou w evite ale pi lwen si w santi w nan move chemen an. Se nan moman difisil yo w ap jwenn plis rezon pou w peche paske w nan nesesite, bezwen yo presan e solisyon an tou prè w la. Ou jis bezwen di “wi”, leve pye w, lonje men w, antre, soti pou toutbagay fèt.

Pandan w ap tonbe nan peche a, ou pèdi fòs, ou pèdi lespwa, ou pèdi lonè, ou pèdi lafwa e finalman ou pèdi prezans Bondye. Poutan, se nan moman w santi w pa ka reziste yo pou
w reziste. Pou sa fèt, tankou Jozèf, ou ka kouri. Pito yo ba w tout non pote pou evite pase pou
eksè.

Yon lòt fason ou ka evite tonbe nan tantasyon nan moman difisil yo se evite ekspoze pwoblèm ou, rakonte sa w bezwen, di sa w vle fè. Sa yo ka fè moun bezwen ede w, e se la yo
pral ofri w opòtinite ki ka detounen w nan vrè chemen w ap swiv la.

Toujou sonje lavi a pa fasil, e levanjil pa rann li pi fasil jan anpil moun panse l la. Moman difisil w ap travèse yo se prèv w ap viv dwat. Se pa toujou konsekans peche, pa w oswa pa paran w, ki fè w ap soufri, se paske w pa aksepte viv menm jan lè w te nan lemond. Fason w te konn chache lavi a chanje, levanjil vin enfliyanse tout vi w, ou vin gen yon lòt atitid.

Eske w konn medite deklarasyon sa yo ?: « Tout moun ki vle viv nan sèvis Bondye ansanm ak Jezikri gen pou soufri pèsekisyon » (2 Timote
3.12).

Jezi te di : « Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. » (Matye 5.10).

Apot Pyè te di : « …fè kè n kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n a kontan nèt ale lè gwo pouvwa
Kris la va parèt. » (1 Pyè 4.13)

Apot Pòl te di : « Pou mwen, nou pa ka konpare sa n ap soufri kounye a ak bèl bagay Bondye pral fè nou we yo. » (Women 8.18)

Repase pawòl sa yo chak fwa moman difisil yo vle fè w tonbe nan tantasyon.

Reziste!

Li lòt konsèy sou menm sijè sa e lòt atik sou blog JDE a nan www.lestextesdejde.blogspot.com

jeudi 22 novembre 2018

Woy! Frè entèl mouri!


Ou gen pou w sezi, ou gen pou w regrèt, ou gen pou w san mo lè w va tande gwo nouvèl sa.

Ou pa tap janm panse si sa tap rive men se sa ki rive. Rapid rapid, tout bon moman yo vini nan lespri w. Ou te renmen l, se te yon bon moun, li pat janm fè mal, li te saj, li te renmen sesi, li te rayi sela.

Frè entèl w ap dekri a, franchman li pat egziste. Non, si sa w ap di la yo se verite, kwè m, moun konsa pat janm egziste. Kou lòt la te di: "Yo renmen w lè w fèt e aprè w fin mouri". Nan de ka sa yo, ou pa ka fè anyen.

N ap viv tankou nou prale ak sa nou posede. Se lè lanmò pase nou sonje n ap pase e sa ki la yo ap rete. Lè lanmò menase nou, nou reyalize okenn bagay materyèl pa ka sove n. Pa gen pyès zanmi ki la pou bay vi l nan plas nou. E se atò, nou rann nou kont lavi se pi gwo kado e pi gwo benediksyon nou resevwa chak jou.

Gen yon otè ki te di: "W ap kraze kò w pou yon travay yo pral ranplase w yon semèn aprè w fin mouri. Pran swen kò w." Tout lit ou yo, tout rezistans w ap fè yo, tout defans w ap pran yo dwe gen yon sans nan vivan w paske aprè lanmò, youn pap ka resisite w.

Sezisman akoz lanmò vini paske w pat panse si entèl ta prale rapid konsa men w bezwen yon ti kras volonte pou w renmen yon moun ki pèdi lespwa nan wout la.

Pa tann se lanmò ki pou enfòme w de eta yon zanmi te ye. Pa kite sezisman fè w regrèt ou pat sove yon fanmi ki te nan bezwen. Ann sispann panse ak nou sèlman pandan chaje lòt k ap tann yon jès, yon ti mo, yon padon, yon bourad, yon pousad...

Ki sans lit nou yo si moun ki nan bezwen yo ap mouri pandan nou posede sa ki ka ranvwaye sèkèy yo?

Ki sans levanjil nan lavi nou si frè nou ak sè nou ap mouri lopital pandan n ap rejwi lakay?

Èske lanmou Kris la ret nan Bib la oswa li nan kè nou?

Lavi la. Lanmò la. Sezisman la. Jou jijman an la. E menm lè n mouri, n ap toujou la.

JDE

Pa doute sou sa pawòl Bondye a di

KONSÈY POU EVITE TONBE NAN TANTASYON

9. Pa doute sou sa pawòl Bondye a di

Bib la di : « …Bondye pini moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat » (Ebre 12.6).

Tantasyon yo ka epwouve w, yo ka fè w konnen si w se kretyen tout bon. Se sa ki fè, si w kontinye ap fè peche san w pa janm jwenn pinisyon, sa vle di ou pa pitit li tout bon.

Se pa yon bon siyal pou ou si w ap viv nan peche ou pa janm santi w koupab, ou toujou gen kè kontan malgre ou konnen w ap fè sa ki pa bon. Pou yon ti tan, ou ka santi w byen paske pèsonn pa konnen lavi an kachèt w ap mennen men Bondye konnen.

Chak fwa ou jwenn posiblite pou w rekonèt peche w yo, se yon okazyon pou w repanti oswa konvèti. Nan je pa w, ou ka wè gen plizyè lòt moun k ap viv nan peche ki pa janm soufri.

Pafwa, ou konnen kòman yon kretyen ap viv mal, ou konn anpil nan sa l ap fè an kachèt e ou di tèt ou si moun ki nan levanjil la lontan, moun ki gen plis konesans pase w la ap fè yon peche, ou ka fè l tou. Konsa, ou plis kwè gen moun ki ka fè sa Bondye pa konnen pase pou w kwè Bondye ka pini moun k ap fè sa l pa vle.

Poutan, se pa sou lavi yon moun ou dwe gade pou w gen krentif pou Bondye, byenke yon moun ka ede w gen krentif pou li. Gade pito sou fidelite yon moun nan levanjil ki chita sou sa Bib la di e non sou peche l ap fè ki kont pawòl ki nan Bib la.

Èv tap panse ak avantaj fwi a. Li pat panse ak sa Bondye te di a : « …jou ou manje l w ap mouri » (Jenèz 2.17). Adan ak Èv te meprize entèdiksyon Bondye, se sa ki fè yo te chase yo nan jaden an.


JDE

Sa tantatè a di a ka yon verite

KONSÈY POU EVITE TONBE NAN TANTASYON

10. Sa tantatè a di a ka yon verite

Devan tantasyon yo, menm jan ak Èv, ou ka anvi kwè, wè sa k ap lemante w la. Ou ka bezwen konnen si se manti oswa verite. Se sa ki te pouse Èv al manje fwi a. Bib la di : « Li santi li ta manje ladan l pou je l ka louvri. Li keyi kèk fwi ».

Menm jan an, pou w ka wè si fè sèks bon, ou aksepte fònike. An reyalite, li bon vre. Sinon, Bondye pa tap mete l. Zanmi w ki fè l deja ap di w li bon, w ap santi w gason/fanm aprè w fin fè l, men yo gen dwa pa janm di w sa ki ka rive aprè bon an. Se sa Èv pat panse a byenke li te konnen deja paske Bondye te di l l ap mouri jou li manje l. Ebyen, li te plis bezwen wè si sa sèpan an di a se verite pase pou l te pè lanmò.

Jezi te ka chanje wòch la an pen, Bondye te ka sove l si l te lage kò l anba e li te ka aksepte pouvwa dirije lemond, men se tap yon peche paske l tap aji sou lòd Satan.

Gen yon pwovèb kreyòl ki di « Chemen lajan pa gen pikan ». Sa fè, nenpòt kondisyon yo bay pou gen lajan, gen moun ki dakò. Malerezman, anpil pikan pral pike yo paske pou tout chwa w fè, gen konsekans.

Pa chache wè sa yo di a, se ka yon verite. Pa chache konnen sa ki kache a. Verite pa vle di bon bagay e Bondye pa entèdi nou bay manti sèlman, gen verite li vle nou evite tou. Li pat di Èv li pa tap wè si l te manje fwi a. Wè a se yon verite, men koute sèpan an pou fè l, se tonbe nan tantasyon.

Bib la di : « Gen bagay nou pa konnen, se bagay Bondye kenbe nan kè l pou li menm»
(Detewonòm 29.29). Si Èv ak Adan te fè Bondye konfyans, yo pa tap janm deyò nan jaden an.

JDE

Pa konfonn mirak/volonte Bondye ak tantasyon

KONSÈY POU EVITE TONBE NAN TANTASYON

12. Pa konfonn mirak/volonte Bondye ak tantasyon

Gen opòtinite ki parèt devan w, li pa gen lòt sans : se Bondye ki vle, se mirak Bondye. Depi w fin met nan tèt ou se sa, pa gen okenn vèsè ni konsèy k ap anpeche w pwofite l. Konsa, gen anpil kretyen ki kite chemen lafwa akoz yon djòb, yon relasyon, yon plezi.

Bib la pap bay manti:"...moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k ap fè moun pèdi tout sa yo genyen,  k ap fin nèt ak yo. Paske renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa ti soufrans ki tonbe sou yo. (1 Timote 6.9-10)

Pa janm bliye plan Bondye yo sou kontwòl Bondye. Li pap tante w, sa vle di li pap mete okenn sitiyasyon devan w pou fè w dezobeyi pawòl li. Alò, tout sikonstans ki kilpabilize w, ki ka fè w aji kont volonte Bondye se tantasyon.

Ann pran egzanp yon gason ki pran randevou ak fiyanse li. Li di tèt li si l vini, pa gen moun nan kay la, sa vle di Bondye dakò pou l fònike. Sa se pa volonte Bondye, se tantasyon ki vini nan premeditasyon li.

Ou ka di tèt ou si tèl bagay rive, yon moun di tèl koze, w ap fè oswa di tèl bagay. Depi sa w ap di oswa fè a kont pawòl Bondye a, konnen ou nan tantasyon paske Bondye pa ka kontredi tèt li.

Ka toujou gen mirak, dayè Bondye granmoun men pa entèprete tonbe nan tantasyon pou mirak. Ou ka fè siksè, ou gen gwo renome epi w pase akote plan Bondye a.

Li fasil pou w konnen lè w tonbe nan tantasyon: sa ki tante w la fè w pèdi prezans Bondye. Ou pa gen tan pou levanjil ni legliz ankò. Tout sa ki nan lespri w se pouswiv chemen lanbisyon w.

Reziste!

JDE

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...