jeudi 31 décembre 2015

Meditasyon pou jodi a #64:Eske ap gen yon chanjman nan lane 2016?


Se toujou yon kontantman pou mwen lè m’ap gade foto lè’m te gen twa mwa. Se imaj yon bebe ki pa gen anyen awè ak yon moun ki gen trant lane, sèlman non yo ki menm. Tout lòt bagay yo chanje.

Lyankou nan lane 1998, kote m fèt, ak Lyankou nan lane 2015 se de zòn ki pa menm. Jenès peyi nou, timoun sa yo m ap gade la a, paran sa yo ki demisyone, sosyete sa a ak moralite nou wè la a, mond sa a ak nouvèl teknoloji ki ladan an…tout bagay chanje.
Kilès ki ka konprann nonm saj la lè li di: «Sa ki te rive avan, se sa ki va rive apre. Sa yo te fè avan an, se sa y’ap toujou fè. Pa gen anyen ki chanje sou latè beni. » (Eklezyas 1.9). Eske se pa yon prèv ki fè n konprann ke anyen pa ka etone Bondye ? Paske li konnen tout bagay, wi tout bagay nèt.

Nan kèk tan ankò, nou pral nan lane 2016, men kisa ki pral chanje ? Eske se pa menm bagay nou te swete nan desanm 2014 yo k ap repete? Se mwayen yo ki chanje. Li vin pi fasil pou n fè pase mesaj yo gras ak rezo sosyo yo. Envansyon sila yo ke anpil moun pa ka detache de yo, se prèv anpil pwofesi ki akonpli deja. Kisa ou wè? Sa ki te entèdi lontan se yo ki otorize koulye a. Ki sa ki rete ankò nan valè moun? Eske liv yo pa pi saj pase nou? N’ap leve timoun yo ki gen pou viktim de enkonsyans nou. Demen, se yo ki gen pou jije pasaj nou sou tè sa a akoz anpil lwa n’ap vote jodi a.

Talè konsa, se pral 2016. Kisa ki pral chanje? Anyen. Ane a ap toujou gen 12 mwa, 52 semèn e 365 jou. Chak jou sa yo ap gen 24 èd tan. Lòm ap toujou viv nan pechè, epi pawòl Bondye a ap toujou preche sou tout latè avèk menm objektif la ki se sove moun ki nan peche.

Se pa lanmò pou nou pè lè ane prèske fini, paske n ap mouri yon jou kanmenm. Se pito jijman Bondye a pou nou pè. Li ta dwe fè n repanti ( chanje lavi nou), paske « [Bondye] fikse yon jou lè li gen pou l jije tout moun san patipri : li chwazi yon nonm pou sa. Li bay tout moun prèv la lè l fè nonm sa a leve soti vivan nan lanmò. » (Travay 17.31).

Chanje lavi w.

Bon meditasyon !

Bon jounen !

Jerôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...