dimanche 6 décembre 2015

OU TA VLE YON MOUN CHANJE?

MEN SA POU W FE SI W TA RENMEN YON MOUN CHANJE

Se pa chanje pouw mande yon moun chanje.
Chache konprann li pito.
Sispann jije san w pa konnen.
Pa gen nou youn ki san defo, nou chak gen yon feblès, yon defo ki te ka lakoz pesonn pa pale ak nou.
Men pwiske nou tout koupab devan Bondye, sispann pran pòz ou pi bon.

Nou tout bezwen chanje
Paske nou tout ap fè peche devan Bondye
Nou tout bezwen pran konsyans
paske nou tout gen yon bagay pou bay
Gen moun ki sere kòb pandanke lòt ap soufri grangou.
Gen moun ki sere lanmou yo pandanke lòt bezwen l pou viv.
Gen moun ki pa vle padone, ki pran plezi nan kenbe moun nan kè, nan pale moun mal, nan bay manti, nan fè tipil gwo pil....
Tout sa se defo ki kay anpil moun.
Kidonk, ou wè nou tout bezwen chanje?

Paske m pa vle chanje pou fèw plezi, ou fache avè'm, ou imilye'm, ou denigrem jis ou vin enmi m.
Bon, eske w pa merite chanje la a tou paske Bondye di pa rann mal pou mal.

Tèks mwen an long men li soti nan kè'm, li konsène m, li konsène w e li konsène tout moun kap viv.

Si Bondye ki pa gen okenn peche te chwazi voye Jezi vin mouri pou tout moun, jis pou padone e efase peche nou yo, kilès ki ka pi pwòp, pi sensè, pi onèt, pi bon pou l ta vin kondane nou?

Banm di'w...Eske w panse ou ase byen plase pou pale yon moun mal? Eskew kwè peche w yo mwen grav ke pa lòt moun lan?

Ou vle pou m chanje? Dakò.
Men ou pa panse ke si w te chanje avan, li tap pi fasil pou m chanje? Ou t ap fè m wè pouvwa Bondye, pouvwa konsyans ou.

Ale non! Kòmanse jodi a menm. E si w ta wè li difisil pou w chanje, wa tou konprann difikilte moun w ap mande pou l chanje a ap konfwonte.

Ale non! Chanje jodi a, koulye a menm!

Jerome Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...