jeudi 14 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #78 : Pou evite divòs ak remaryaj ki pa legal (Dezyèm pati)


Kisa divòs la ye ?

[Sijè sa a difisil anpil akoz yo manke gade vèsè ki pale de li e gen anpil reyaksyon san moderasyon ke kèk moun ki pa kwè nan remaryaj yo fè. Poutèt sa, mwen mande ou pou w swiv chak pati sijè avèk atansyon san ou pa gen yon ide ki la deja. Li vèsè yo plizyè fwa. Kite Sentespri dirije w pou li ka konvenk ou de verite a. Sijè sa a trete nan yon kad biblik]

Kisa divòs la ye ?

Divòs la lè maryaj la kraze nan yon fason legal. Si w pa ta vle di divòs, ou ka di: separasyon, kite, dezakò, kontradiksyon, divèjans ak opozisyon. Divòs la ka planifye, li ka fòse oubyen legal men se pa yon bon konsèy pou w divòse paske maryaj la gen pwoblèm pal e moun ki marye yo te jire pou yo rete ansanm nan bon kou nan move tan. Temwen Jeova yo entèprete divòs la sou sa ki gen awè ak entansyon moun lan pou l al fè vi li ak yon lòt moun, se yon trayizon. Malgre sa, divòs la sanble se solisyon ki pi fasil la pou kek moun.

Bondye ak divòs

Bondye rayi divòs (Malachi 2.16). Nan yon ti pale ki te genyen ant Jezi ak farizyen [jwif] yo (Matye 19.1-8), nou ka wè ke volonte Bondye, depi nan kòmansman, se te pou maryaj la dire pandan tout vi a, men akoz kè lòm ki di, Moyiz te oblije otorize divòs la (Detewonòm 24.1-4 : maryaj lejitim). Si divòs la otorize, konnen dabò ke li pa solisyon ki pi bon an, answit li pa toujou lakoz remaryaj e anfen mari ki divòse a pa ka remarye ak madanm nan. Se t’ap yon bagay ki pa bon menm devan Senyè a (Detewonòm 24.4). Konsa, li enpòtan pou w byen chwazi moun pa w la avan ou angaje w nan zafè maryaj. Gen plis avantaj lè w reflechi sou konsekans divòs la ke lè ou fè l. Ou lib pou w divòse ak moun ou marye a men ou pa lib pou w remarye jan w vle jan w pito.

Konsekans divòs

Si divòs la ka konsekans maryaj, divòs la gen konsekans pa l tou. Pami yo, annou site sila yo: kite fwaye a ki tou vle di kite timoun yo; timoun yo ap mal edike; w ap gen yon vye repitasyon nan sosyete a; li posib pou w fè yon lòt maryaj ki pi mal ke premye a; ka gen anpil konfli pou byen ant timoun de fwaye yo; ou ka remarye men maryaj la lakoz adiltè, (Mak 10.10-12) ;  ou lakoz moun ou kite a fè adiltè (Matye 5.32) ; moun ki divòse a ka gen yon twoub moral ; lamizè ; zen ant ansyen ak nouvo madanm nan.

Yon moun ki ta renmen divòse dwe panse ak konsekans sa yo.

Se pou ou byen medite !

Jérôme Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...