dimanche 17 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #81 : Eske gen yon vi aprè lanmò vre ?



Se pa sa ou di ki verite, ni se pa sa ou kwè. Anpil fwa, nan chache bay manti, se verite a w ap apiye. Dout w ap fè yo pa ka detwi verite a. Okontrè, yo fè w  responsab devan verite a. Lè ou di pa gen lavi aprè lanmò, ou montre ke ou pa konnen anyen paske ou poko mouri. Kidonk, ou pa ka konnen egzakteman si gen yon vi  kote ou p ap viv.

Nonm rich la, lè li vin mouri, li  konnen gen yon lavi aprè lanmò. Malerezman, il konn sa two ta. Pandan ke li kote sa a, senk frè li yo ap viv sou latè. Petèt se yo ki te antere li. epi yo ale kite kò a nan tonbo a. Sa konfime Jenèz 3.19 ak 1 Tesalonisyen 5.22. Pa gen youn nan moun ki t ap pataje byen li yo, pen ak bwason li yo ki te rete avèk li menm pandan yon nwit. Pou yo menm, tout bagay fini  men pou li menm, gen yon lòt vi ki kòmanse.

Senk frè nonm rich la te ale nan antèman an, men youn pat ka di li: “Frè mwen, ki kote ou ye koulye a?” Epoutan li menm, li t’ap entèsede pou yo, li t ap di : « Tanpri, Abraram papa, voye Laza kay papa mwen ; [paske mwen gen 5 frè » (Lik 16.27). Gade yon konpasyon ! O si nèg sa a te gen santiman sa a lè li te vivan, li t’ap sove senk frè li yo e menm lòt moun ki nan antouraj li. Malerezman, se te twò ta.

Sa Abraram te di a pat sifi pou kalme nonm rich la ki te kondane: “ Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo” (v29). Nan yon lòt repons, nonm rich la pral montre kòman li pat kwè lè li t ap viv sou latè ak lafwa li genyen lè li nan dife a : « Non, papa Abraram, yo p’ap koute. Men si youn nan mò yo al jwenn yo, y a chanje lavi yo” (v30). Elas, misye te fè tout sa li konnen pou konvenk Abraram, men li pa t ka fè anyen pou satisfè demand li yo.

Denye pawol Abraram te bay nonm rich la ta dwe rele konsyans ou sou tab meditasyon an jodi a : « Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p’ap kite pèsonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p’ap koute li » (v31). Anpil moun pa vle repanti sou pretèks ke pa gen anyen aprè yon moun fin mouri. Anpil fwa, yo konn di : « Ou te ale nan lanfè deja? Eske ou te wè yon mò deja ki leve vin di w sa ki genyen aprè lanmò ? » Ou gen repons la nan istwa sa a.

Ou pap ka repanti aprè lanmò, ni ou pap ka mande Bondye pou l voye yon mò sou latè lè ou nan reyalite a. Jezi te pase 3 lane konsa ap preche repantans. Li te di li t’ap mouri e li t’ap leve. Lè sa te rive, olye pou yo te kwè, yo te pito bay kòb pou sa pat repete (Matye 28.1-15). Se pou w fè kè w kontan si ou toujou vivan e pwofite okazyon sa a pouw repanti paske demen pa sèten.

Se pou ou byen medite.

Jérôme Dorsonne Emerson
Like paj mwen an sou Facebook:https://m.facebook.com/jeromedorsonnemerson/

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...