jeudi 21 janvier 2016

Meditasyon pou jodi a #85: Ou enpòtan, men ou pa endispansab


Yon bagay ki enpòtan se yon bagay ki endispansab. Telefòn ki pèmèt ou li mesaj sa enpòtan, men li pa endispansab. Si l anpàn oubyen yon moun vòlè l, ou t ap jwenn yon lòt. San ou, souf ou, kè w k’ap bat, se yon seri de bagay ke w pa ka pa bezwen pou w egziste.

Yon bagay endispansab pa toujou yon bagay ki enpòtan pou tout moun. Pa egzanp, lafwa endispansab pou w sove, men se pa tout moun ki bezwen l. Sepandan, pèsonn pa ka sove si l pa gen lafwa. La a, yon bagay ka anpeche yon lòt bagay.

Je ou yo, pye ou yo ak ponyèt ou yo, dan ou yo enpòtan men yo pa endispansab. Si se pa t sa, avèg yo, moun ki pa gen ponyèt ak pye yo ak moun ki pa gen dan yo t ap mouri.

Apòt la, pwofèt la, evanjelis la, pastè a ak doktè a enpòtan nan legliz men yo pa endispansab. Sinon, Pyè, Jan ak Pòl t ap vivan toujou pou anonse levanjil la. Moun ki endispansab la se Sentespri a paske se li k ap bay moun yo don yo (1 Korent 12.7).

Pou n fini, si prezans ou nan legliz la, nan fanmi ou, nan travay ou oubyen nan peyi ou pa endispansab, sa pa vle di ke ou pa itil ni pa kwè ke Bondye pa renmen ou jis pou l ta pèmèt lanmò frape pòt ou. Prensip la senp : « Gen yon lè pou chak bagay, Bondye fikse yon tan pou chak bagay k’ap fèt sou latè » (Eklezyas 3.1).

Selebrite ou, richès ou yo, kapasite entèlektyèl ou yo, ministè ou nan legliz Jezikri a, bèl kò, pouvwa ou genyen, anyen pa ka rann ou endispansab. Ou mèt ri, ou mèt kriye, ou mèt fè byen, aprann moun, evanjelize, jwi lavi w men gen yon jou k ap vini k ap make depa ou sanzatann pou tout tan.

Gen yon bagay ki sèten frèm, sèm, konnen ke nan je Bondye, non sèlman nou enpòtan e nou gen sa ki endispansab pou n gen lavi ki p ap janm fini an: Jezikri de Nazarèt. Se poutèt sa, jan apot la di l la : « mwen gen asirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou : ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jodi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè ou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Senyè nou an » (Women 8.38-39).

« Se pou nou youn ankouraje lòt ak pawòl sa yo » (1 Tesalonisyen 4.18).

Ou mèt fyè paske ou se yon kretyen ! Pase bon jounen !

Jérôme Dorsonne Emerson
(Talè konsa, meditasyon yo ap disponib sou fòma « audio », nan youn oubyen nan de lang yo, pou n ka rann travay la pi fasil pou moun ki pa konn/kapap li).

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

On n’est jamais trop jeune pour servir Dieu

  1 Samuel 2.22-26 22  Or Héli était fort vieux, et il apprit tout ce que faisaient ses fils à tout Israël, et qu’ils couchaient avec les ...